FBI Apreyande yon Gwo Sispèk nan Asasina Prezidan Jovenel Moise la

Mario Antonio Palacios Palacios, yon ansyen kolonèl kolobyen otorite lajisits ayisyèn yo di yap chache pou enplikasyon l nan asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise twouve l nan men otorite amerikèn yo pi prezizeman FBI. Mario Palacios Palacios jwenn arestasyon l nan peyi Panama kote li te an tranzit avan pou l te antre nan peyi l, Kolonbi.

Nouvèl yo fè kwè otorite panameyèn yo remèt sipèk la, Palacios, bay FBI nan kad avi derechèch entènasyonal lapolis ayisyèn te lanse dèyè l apre asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise jou ki te 7 jiyè 2021 an.

Dapre lapolis ann Ayiti, Mario Antonio Palacios Palacios te alatèt gwoup 25 mèsenè ki te antre lakay Prezidan an nan Pegi Vil, yon katye nan Petyon vil, epi asasine l. Apre krim nan, Palacios te al kache nan peyi Jamayik kote li te antre ilegalman. Men lajisits jamyikèn te di Ayiti pa bay l yon rezon valab pou rapatri sispèk la ba yo. Lajisitis ann ayisyèn kontiney menne ankèt sou asasina prezidan Moise ko te yo deja mete anba kò anviwon 40 moun, pami yo plizyè sitwayen kolonbyen.

Gonayiv Bay P.M. Ariel Henry yon “Baptême de Feu”

DGPNH, Frantz Elbé ak Premye Minis Ariel Henry pran yon ” baptême de feu” nan Gonayiv. Premye Minis ayisyen an Ariel Henry te deside premye janvye 2022 an, ki raple 218e anivesè endepandans premye nasyon nwa lib la, Ayiti, se nan vil Gonayiv gouvenman li pral resevwa mès tedeyòm kote sanzèt yo te li ak endepandans la, yon tradisyon klima ensekrite a depi apre lane 2004 yo chanje. Malgle konsèy pou l pat pran nan pwovokasyon gwoup ame yo ki te bay l depi, Premye minis Ariel Henry te debake samdi premye janvye 2022 anba gwo pwoteksyon lapolis nan site endepandans la.

Vil la te parèt trè kalm nan maten. Otorite yo te pran pozisyon nan premye ranje ban katedral la kote yo tap tande egzòtasyon monseyè katolik ki tap selebre mès la. Jiskaprezan tou bagay tap byen pase. Sepandan nan tout rakwen pandan mès la moun te ka tande bui gwo kout zam ki tap chante. Apre mès la, kout zam yo te kontinye chante pirèd. Inite espesylize PNH ki tap asire sekirite manm gouvènman an ak wo eta majò polis la te oblije depwaye estrateji de konba moun pa wè fasil pou rive evakye yo. Premye minis Ariel Henry pat rive pwononse diskou li te gen pou fè sou plas Dam Gonayiv la pou rezon sekirite. Rès seremoni an ta pral kontinye nan Potòprens nan MUPANAH.

Alavèy selebrasyon 218e anivèsè endepandans peyi a, bandi ame nan katye Raboto nan Gonayiv te eksprime dezakò yo ak vizit premye minis la nan vil la. Yo te pwomèt pou fè tout sa yo kapab pou bòykote selebrasyon an si Premye Minis Ariel Henry debake nan Gonayiv. Ansyen premeye minis Evans Paul ki pat wè selebrasyon sa a nan Gonayiv posib akoz menas band ame yo te anpwaye anpil mo saj pou mande Pemye minis Ariel Henry pa pran nan pwovokasyon e di, li tap pi bon si li anile selebrasyon nan Gonayiv la. Menm kan Evans Paul admèt pratik bòykotaj fèt endepandans la pou rezon politik se yon move pratik e sa dwe sispann.

Pou evite yon ben desan jan li di sa a, nan mesaj li ak P.M. Dr. Ariel Henry 31 desanm 2021 an, ansyen premye minis Evans Paul ekri, “Fè retrè kòm doktè pa vle di erè men piton grandè.” Lòt medya ann Ayiti rapòte gen yon moun ki mouri pa bal e se ta yon opozan. Otorite polisyè yo poko reyaji sou echèk selebrasyon endepandans la nan Gonayiv oubyen pale sou bilan sekirite fèt fen dane yo. Sepandan, opozan pouvwa a nan Gonayiv anonse mobilizasyon pou fòse Premye minis Ariel Henry kite pouvwa.

Lajistis Ayisyèn Rate Okazyon pou l Rapatriye You Gwo Sispèk nan Asasina Prezidan Jovenel Moise la

Peyi Jamayik pap ekstrade Mario Palacios Palacios ann Ayiti. Militè kolobyen otorite aysiyèn yo di yap chache kou chen fou e toupatou pou vin reponn kesyon nan kad asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, pap ekstrade ann Ayiti dapre otorite lajistis peyi Jamayik yo. Otorite yo ann Ayiti pa konvenk lajistis jamayikèn ase sou rezon pou yo ta voye prezime asasen Prezidan Moise la vin jije ann Ayiti.

Dapre otorite aysiyèn yo, Mario Palacios, yon kolonèl kolobyen ta alatèt kòmando 25 mèsene byen ame yo ki te antre kay prezidan ayisyen an epi krible l ak bal nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 pase a. Madam prezidan an, premyè dam Martine Moise the soti blese grav nan atak la. Prezime asasen prezidan Moise la, Mario Palacios Palacios te chape apre asasina a kote yo te retrase li nan peyi Jamayik. Otorite jamayikèn yo te arete l kòm yon imigran ilegal sou teritwa yo a.

Otorite ayisyen te inisye demach bò kote peyi Jamayik e mande pou voye Palacios Palacios ba yo. Anviwon 40 moun jwenn arestasyon nan kad ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la. Sepandan lajistis ayisyèn poko di si yo koupab nan krim sa a.

4 Mò 1 Blese nan yon Tantativ Evazyon nan Prizon Kwadèboukè a

Ayiti: Omwen 4 moun mouri nan tantativ evazyon nan prizon kwadèboukè a, nan Pòtoprens. Lapolis ann Ayiti, PNH di li devye yon tantativ devazyon nan prizon Kwadèboukè a pandan wikenn pase a jou delan an, swa premye janvye 2022 a. Pandan operasyon pou metrize sitiyasyon an, 4 prizonye pou pipiti pèdi lavi yo nan echaj kout zam a inite espesyalize yo. Yon polisye soti blese dapre fòs delòd yo.

Prizon Kwadeboukè ki loje kèk gwo chèf gang kap pije pèn yo gen repitasyon tantative evasyon depi lontan. Pi resamman pandan ame 2021 an, yon evazyon sanglan koze lanmò plizye dizèn prizonye pami yo gwo chèf gang moun konnen sou non Arnel Joseph ki te tonbe nan echanj kout zam ak yon patwouy polis nan Machan Desalin apre l te fin sove nan prizon an. Responsab prizon an yon enspektè polis mouri asasine pandan evanzyon an. Plizyè lòt prizonye tojou an kaval jiska prezan. 

Ayiti: Anba Je Otorite yo, Bandi Ame nan Matisan Kontinye Fè San Popilasyon an Koule

Depi plizyè semèn, Matisan ki sitiye l nan antre sid kapital ayisyèn nan Pòtoprens, tounen yon pasaj nan lanfè. Fòk yon moun ta gen anpil chans oubyen blende nan tout kò l pou rive soti vivan anba kout bal yon gwoup malfra ki pran katye sa a an otaj anba zye otorite gouvènmantal yo. E se avèk anpil lapenn ak dwo nan je, dimanch 27 desanm nan, moun tap gade plizyè pasaje yon tibis transpò piblik ki tap benyen nan san yo. Chofè bis la te gen kouraj ase pou l te al ateri nan komisarya Kafou a, Omega ak pasaje li yo ansanglante kote plizyè nan yo te gen tan rann dènye souf yo. Bandi yo tire sou 2 ti otobis taxi ki tap asire trajè anba lavil ak Kafou kote Matisan te yon pasaj oblije ant 2 zòn yo.

Manman Medjine Dupuy, yon jèn fil ki mouri nan atak la, pat kache endinyasyon l ak tristès li nan mikwo laprès. Li admèt ke otorite yo pa bay popilasyon an regle anyen pou yo. Li di sil te gen lajan Medjine pa tap pran lanmò sa a. Li tap deja fè 2 pitit li yo kite peyi deja. Medjine Dupuy fè tou klas li. Li gradye nan syans kontab e li gen plizyè lòt diplòm. Li tonbe anba bal asasen Matisan yo pandan li tap sot travay. Dapre maman viktim la, Medjime Dupuy, te kite lakay li nan maten lendi 27 desanm 2021 an pou l te al travay. Li te oblije pase pa wout Taraz ki konekte Kafou ak Petyon Vil. Men li te eseye pran bis pou antra lakay li soti anba lavil etan pou rive Kafou. E se la li ta pral pèdi lavi li tankou yon bèt anba men yon gwoup malfwa ame nan Matisan.

Lapolis abandone komisarya li genyen nan zòn Matisan an depi plizyè semèn apre bandi yo te fin fè dap piyanp sou li epi chase polisye yo. Polisye yo pat pèdi tan pou mete van nan vwal yo yon fason pou yo pat pase menm jan ak frè dam yo ki te viktim nan yon misyon tèt chat mal kalkile ki te fini an faysko jou ki te 12 mas 2021. Jikaprezan kadad polisye viktim yo rete pwopriye gwoup gang ki gen alatèt li yon chèf bandi ki pote non Izo.

Gouvènman tranzisyon an ak tout otorite lapolis yo poko di ki sa yap fè pou rezoud pwoblèm Matisan an. Nouvo Direktè Jeneral lapolis Frants Elbé ke anpil moun met espwa sou li pou rezoud pwoblèm sekirite a apre echèk total kapital predesesè li a, Leon Charles, sanble konsantre efòl semèn sa sou Gonayiv alavèy selebrasyon fèt endepandans yo apre Premye Minis Ariel Henry fè konnen se nan site endepandans li lap bwè soup premye janvye 2022. Sepandan popilasyon an nan zòn antre sid kapital la tounen jibye malfra nan Matisan ki tounen chasè san pitye kont pwòp frè ak sè ayisyen yo.

Kamala Harris, Premye Fanm Vis-Prezidan Ki Gen Sekrè Kòd Nikleyè Etazini

Prezidan Joe Biden transfere pouvwa li pou yon ti bout tan bay Vis-Prezidan Kamala Harris paske li ta pral fè yon chèkòp koloskopi nan yon lopital militè Ozetazini, vandredi 19 novanm 2021 an. Vis Prezidan Kamala Harris se premye fanm Ameriken ki gen sekrè kòd pou deklanche asenal nikleyè a si toufwa pi gran puisans mondyal la ta anba yon atak atomaik yon peyi enemi.

Yo kreye kòd nikleyè pou premye sitwayen ameriken an kapab gen aksè ak li tout kote li pase. Se sèlman kòd pa prezidan an ki toujou aktivite. Men sa vis-prezidan genyen an aktive sèlman si Prezidan an difikilte. Yo te aktive kòd nokleyè Vis Prezidan Kamala Harris la vandredi 19 novanm nan pou yon ti bout tan.

Madam Harris se premye fanm ki rive vis prezidan Ozetazini e li soti nan yon fanmi imigran. Li se yon fanm nwa ki gen yon diplòm inivèsite an dwa. Papa l sete yon Jamayiken e manman l yon endyèn.

Eske Ayiti ak Sendomeng nan Menm Panye Ensekirite?

Pale anpil sou sekirite nan peyi Dayiti ak Sendomeng te kòmanse konsa:

Lendi 1 novanm 2021 an, Prezidan Dominiken an, Luis Abinader, ki gen lè tap gade Ayiti nan telefòn entèlijan li monte sou entènèt kote li di kominote entènasyonal la, “Tanpri souple mezanmi pote Ayiti sekou.” Lidè peyi panyòl la adrese mesaj li ak Nasyon Zini, Etazini, Kanada, Lafrans, Inyon Ewopeyèn ki di yo se zanmi premye nasyon nèg nwa ki te pran endepandans nan Karayib la, kote li di yo, aji vit pou ede Ayiti jwenn yon bout tou suit anba enstabilite politik la travèse a, kote gang ame se sèl kòk chante nan tout rakwen l. Prezidan Abinader di Ayiti se yon pwoblèm akoz ensekirite li gen lakay li.

Deklarasyon Prezidan Abinader la ta pral frape nan pòt kaye diplomatik minis afè etranjè gouvènman defakto yon sèt tèt Ayiti a Premeye minis Ariel Henry ap dirije a, Dr. Claude Joseph, ki pat pèdi tan pou reponn prezidan panyòl la. Minis Joseph raple Prezdian Abinader ke Sendomeng soufri menm maladi ensekirite ak Ayiti. Minis Claude site rapò Depatmen Deta Ameriken ki klase Sendomeng nan kategori 3, alèt sou sekirite akoz ogmantasyon zak kriminèl yo anrejistre sè denye tan. Ayiti klase nan katekori 4. E pèsòn pa etone! Minis Joseph di menm jan li pa pòt pawòl zile a Prezidan Abinader paka pale nan vwa 2 pèp yo ansanm. Li ajoute okontrè 2 peyi yo dwe travay ansanm pou kreye yon klima sekirite sou tout zile a.

Sepandan dapre Anbasad Etazini nan Sendomeng, avètisman vwayaj chèf diplomasi ayisyèn nan ap pale a pa gen anyen pou wè ak krim nan peyi panyòl vwazen Ayiti a, Sendomeng, men pito ak maladi Kovid 19 la. Konsil jeneral dominiken an nan Wanament Jose Valenzuela ki tap reyaji di deklarasyon chanselye ayisyen an Claude Joseph manke savè diplomatik. Paske Prezidan Dominiken an Luis Abinader te vle sèlman sone sonèt dalam la pou l di gwo zanmi Ayiti yo prese prese vit vin ede nasyon sa a soti nan kriz sa li ye jodi a. Li ajoute, se pa sèl Sendomeng, se tout peyi nan rejyon an kap rele anmwe sekou pou Ayiti rejwenn trankilite ak lapè.

Toutfwa, kòmantè nan medya yo ann Ayiti pa ale an favè chanselye ayisyen an Dr. Claude Joseph menm si se Ayiti li te vle defann. Dayè, se djòb li. Jounalis Daly Valet ki tap reyaji sou Twitter fè konnen Minis Joseph pèdi larezon. Li di fòk ou ta gen otas anpil pou mete Ayiti ak Sendomeng nan men panye ensekirite. Ann Ayiti, gen yon leta fèb ki ajenou. An repiblik Dominikèn ensekirite a mezire e leta debou e li kanpe janm. Lòt nouvèl fè kwè, lame dominikèn deplwaye 11 mil sòlda sou fontyè li pataje ak Ayiti yon fason pou viris ensekirite kap ravaje ayisyen yo pa travèse fontyè.

Biwo Jij Orélien Sakaje. Ki Enpak Zak sa a Genyen sou Ankèt Lap Mennen sou Asasina Prezidan Moise la?

Endividi moun pa rive idantifye sakaje epi vandalize biwo Jij Garry Orélien kap mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la. Kòfrefò kraze, dosye gaye e ta menm disparèt. Biwo grefye Pakè Pòtoprens la sibi menm domaj la. Poulemoman otorite jidisyè yo ak lapolis ap evalye dega yo e mennen ankèt sou sak pase a.

Vandalizsyon biwo Jij Orélien an nan lannuit 27 pou rive 28 oktòb 2021 an kapab rann li pi difisil pou ankèt la kontiney kòmsadwa e menm enposib si toutfwa ta gen dosye enpòtan ki disparèt. Sepandan, otorite yo poko bay bilan sou zak sa a. Yon semèn avan, endividi moun pat rive idantifye te tire epi andomaje machin Jij Orélien nan zòn Delmas 95.

Prezidan Jovenel Moise mouri asasine lakay li nan lannuit 6 ak 7 jiyè 2021 pase a nan Pèleren 5. Lapolis ann Ayiti yon jou apre asasina Prezidan Moise la te arete anviwon 17 sitwayen kolonbye ak 2 ayisyen ameriken yon rann responsab sak la. Prezidan Jovenel Moise se sèl viktim mòtèl nan atak la ak mandanm li Martine Moise ki te soti blese. Ajan polis espesyal ki te la pou asire sekirite koup prezidansyèl la te kraze rak senn e sof.

DCPJ ak apui FBI te konplete premye pati nan ankèt la epi voye dosye a nan pakèt pou suit legal. Jij Garry Orélien se dènye majistra ou jij denstriksyon ki aksepte mennen ankèt sou asasina lidè PHTK a. Lòt majistra ann avan Pakè Pòtoprens te kontakte pou kontinye ankèt la te derefize akoz rezon sekirite.

Etazini Pwomèt Lapolis ann Ayiti Apui l nan Jefò pou Sekirize Kamyon Livrezon Gaz yo

Lézetazini montre li konsène de sitiaysyon sekirite a ann Ayiti kote gang ame rann li enposib pou kamyon gaz al fè livrezon atravè peyi a. Sitiyasyon sa a lakok yon rate gaz sou mache a ak gwo konsekans sou tout aktivite moun ann Ayiti. Poutan se pa gaz ki pa genyen se pito gang ame tankou chèf gwoup G9 la Jimmy Cherizier ki mande depan premye Minis Ariel Henry avan pou livrezon gaz ka fèt nan peyi a.

Sepandan atravè Potpawòl Mezon Blanch laisit Ozetazini, Jen Psaki, adaminstrasyon Biden nan pwomèt pou ede PNH, Polis Nasyonal Ayiti a asire sekirite kamyon livrezon gaz yo. Jen Psaki deklare, “Nap travay sou pwoblèm rate gaz la ann Ayiti e nap konsantre nou sou apui nou ka bay PNH la nan jefò pou sekirize pasaj kamyon livrezon gaz yo. Se yon defi. Men nou konnen se yon bagay kap pran yon titan.”

Dènye semèn sa yo, distribitè pwodui petwolye yo denonse vòl ki fè sou kamyon livrezon gaz yo atravè peyi a. Pou manifeste kont aksyon gang yo kap fè dappiyanp sou kamyon livrezon gaz yo, asosyasyon chofè pwodui petgwolye yo te anonse 3 joune grèv jeneral. Lari Pòtoprens ak plizyè vil pwovens te rete blanch. an menm tan tou plizyè lopital lanse yon sos pou yo pa fèmen pòt yo akoz rate gaz la nan peyi. Medya yo redui kantite lè pwogramsyon yo akoz rate gaz la tou. Chofè moto yo plenyen nan mikwo laprès sou konsekans rate gaz la genyen sou aktivite ekonomik yo.

%d bloggers like this: