Plizyè Moun Mouri nan yon Gwo Dife Ki Eklate nan yon Apatman nan New York

Anviwon 18 moun mouri nan yon gwo dife ki eklate nan yon building apatman 19 etaj nan Bronx, New York isit Ozetazini. Dapre otorite yo dife a te kòmanse nan 5èm etaj nan youn nan apatman yo ki te rete ak pòt li louvri sa ki vin lakoz dife a pwopaje nan yon bon pati nan building nan. Anpil nan rezidan yo te rive chape pou l yo. Sepandan, 19 ki pat rive soti atan mouri toufe nan dife a dapre otorite yo. Omwn 50 lòt moun soti blese. Ponpye te anpeche dife a boule tout building nan. Pou lemoman yap mennen ankèt pou konnen ki sa ki lakoz dife a.

Lapolis Dominikèn Arete, Rodolphe Jaar, Ayiti Ap Chache pou Enplikasyon l nan Asasina Prezidan Jovenel Moise

Rodolphe Jaar se yon gwo biznizmann ayisyen ke lajisits ann Ayiti lonje dwèt sou li kòm youn nan gwo konplotè, aksyon lannuit 6 ak 7 jiyè 2021 an kote plizyè mèsenè etranje antre nan rezidans prive Prezidan ayisyen an Jovenel Moise epi touye l anba bal. Madam prezidan an premye dam Martine Moise te soti blese grav nan atak la.

Depi lè sa a, Rodolphe Jaar, yon komèsan ayisyen, moun konnen kòm enpòtatè vyann konjele ann Ayiti, te pran lyann pou li. DCPJ kap mennen ankèt sou asasina chèf deta ayisyen an tap chache Rodolphe Jaar kou chen fou pou vin reponn kesyon otorite yo. Enfòmasyon yo ta fè kwè se lakay Jaar a ki twouve l ak kèlke blòk kay Prezdian Moise la ke mèsenè yo te loje.

Rodolphe Jaar se yon ansyen nakotrafikan ke DEA te arete dapre plizyè sous. Li te vin ap travay kòm yon enfòmatè pou sèvis antidwòg ameriken an (DEA) apre l te fin jije pèn li nan yon prizon federal Ozetazini. Otorite dominikèn yo poko di si yap rapatriye Jaar ann Ayiti pou lal reponn kesyon lajisits ayisyèn oubyen si yap remèt li bay otorite amerikèn yo ki deja genyen nan men yo Mario Antonio Palacios Palacios, yon lòt gwo sispèk nan asasina Prezidan Moise la.

Ayiti: Lapolis Libere Plizyè Pasaje yon Bis Bandi Te Kidnape nan Latibonit

Lapolis rive libere pasaje yon bis bandi te kidnape nan zòn bas Atibonit jou kite samdi 8 janvye 2022 a. Daprè près PNH la ann Ayiti, tout pasaje bis la rive libere sennesof pandan yon operasyon lapolis mennen kont baz yon gwoup gang yo rele “kokorat” ki lokalize yo nan vale Atibonit la. Lapolis sesi plizyè zam pandan operasyon an dapre menm sous la. Otobis la ki pote non Saint-Jean Baptiste tap asire trajè Jean-Rabel (Nòdwès- Pòtoprens).

69 Polisye Onore pou Bon Travay yo, Pwoteje ak Sèvi Popilasyon an

69 polisye resevwa prim pou bon sèvis yo nan enstitisyon an. Direksyon jeneral polis la, DGPNH ak tout antite enspeksyon jeneral la, IGPNH an prezans chèf gouvènman an, premye minis ayisyen an Ariel Henry òganize yon seremoni pou desène prim espesyal pou 69 polisye pou bon sèvis yo bay popilasyon an pandan ane 2021 an. Gen nan polisye sa a yo se fanmi yo ki resevwa prim nan paske yo pèdi lavi yo nan sèvi peyi a . Nouvo direktè jeneral polis la, Frantz Elbé depi lè li nome a, ap eseye remobilize polisye yo ke anpil moun estime ki te dekouraje sou kòmandman avan an.

Ansyen Komisè Polis, Jean Coles Rameau, Mouri Asasine nan Pòtoprens

Ansyen komisè polis, Jean Coles Rameau mouri anba bal nan Pòtoprens samdi 8 janvye 2022 an. Endividi moun pa rive idantifye tire sou ansyen komisè a pandan li te tou pre Fakilte Medsin leta a nan Pòtoprens. Sekirite rapwoche ansyen komisè a blese grav, dapre sous enfòmasyon an sa a, ki di tou ,yo kouri ak viktim nan lopital. Yon pèsonaj ki te nan zòn nan pandan aksyon an pran yon bal e li se 2èm moun ki mouri nan atak la.

Ann Ayiti, espesyalman nan Pòtoprens, kapital la, se chak jou yo anrejistre zak asasina sou sitwayen pezib kap mennen aktivite yo nan peyi a. Semèn pase a, bandi ame asasine yon dam anndan bizniz li nan Petyonvil. Lapolis parèt enpuisan devan bandi yo kote menm polisye pa epanye anba zak malfra yo. Yon gwoup gang ki gen alatèt li yon nèg yo rele Timakak asasine yon enspektè polis jou ki te premye janvye 2022 a. Aksyon an rive pandan yon operasyon lapolis ki tap eseye deloge gwoup gang la nan Laboul 12.

Ayiti: 3 Asasina nan Mwens Ke yon Semèn nan Laboul 12

2 jounalis medya an liy, Wilguens Saint-Louis ak Amady John Wesley mouri asasine anba bal yon gwoup gang nan Laboul 12 yon katye nan Petyonvil tou pre Pòtoprens nan fen semèn nan. 2 jounalis viktim yo te nan wout pou tal reyalize yon repòtaj espesyal sou sitiyasyon sekirte nan zòn nan. Yon sèten gangstè yo konnen sou non “Timakak” atake yo epi lachman asasine yo.

Kadav jounalis yo te rete atè depin nan apremidi 6 janvye 2022 a jouk nan landemen vandredi 7 janvye kote lapolis ak anbilans te rive nan zòn nan pou leve kadav yo anba gwo dispozitif sekirite. Nouvèl yo fè kwè bandi yo mete dife sou jounalis yo apre yo fin tire yo.

Gwoup Gang Timakak la asasine tou Enspekè Divisyonè Jerry Toussaint, pandan yon operasyon nan Laboul 12 jou ki te premye janvye 2022 a. Enspekè Divisyonè Jerry Toussaint se pitit ansyen senatè Dany Toussaint, ansyen chèf polis enterimè a, ansyen majò nan lame Dayiti. Premye minis Ariel Henry kondane atak ki fèt sou 2 jounalis yo. Nan yon mesaj li ekri sou kont Twitter l, Dr. Ariel Henry mande lapolis pou l pran dispozisyon pou frennen aktivite bandi yo.

10 Senatè nan Tirès Sena a Menase Sibi Menm Sò ak Palmantè 50èm Lejislati yo

10 senatè ki rete nan tirès Sena ayisyen anba menas pou sibi menm sò ak palmatè 50èm lejislati yo. 13 janvye 2020, Prezidan Jovenel Moise te ranvwaye 50èm lejislati a lèl te deklare ke li konstate manda 2/3 Sena ak tout chanm depite a an antye fini. Rete sèlman 10 senatè an fonsyon. Senatè sa yo te eli pou 6 zan.

Sepandan, deba sou dire manda eli tankou nan palman an ta pral santre tou sou dire manda Prezidan Jovenel Moise ke opozisyon an di ki fini 7 fevriye 2021 olye ke jan lidè PHTK a te vle fè kwè l la, lèl te di, lap remèt pouvwa a 7 fevriye 2022 apre eleksypn. Prezidan Jovenel Moise mouri assine sou pouvwa a. Peyi Dayiti vin gen yon vid enstitisyonèl paske palman an ak pwovwa jidisyè a pa ka jwe wòl yo kòm sa dwa jan sa fèt nan tout sosyete demokratik lè gen yon vid enstitityonèl ak jan manman lwa peyi a mande sa a.

Mèt Andre Michel, pòt pawòl sektè demokratik e popilè a, opozan fawouch PHTK ki tap mande prezidan Jovenel Moise kite pouvwa 7 fevriye 2021, deklare manda 10 senatè nan tirès Sena a ap fini 10 janvye 2022, swa nan kèl ke jou. Li pa di si P.M. Ariel Henry gen pouvwa pou l fè menm konsta ak Prezidan Jovenel Moise ki te deklare 50èm lejislati la kadik.

Bò kote pa l lidè KID la, ansyen premye minis Evans Paul di P.M. Ariel Henry pa gen okenn enterè pou l antre nan yon konfli initil konsa. Evans Paul di si manda prezidan Jovenel Moise, ki te nome Dr. Ariel Henry premye minis tap fini 7 fevriye 2022 jan konstitisyon vle l la, manda 10 senatè yo ap fini an janvye 2023. Lidè KID la di tou 10 senatè yo pa dwe rete chita ap gade. Yo dwe

Apre Tantativ Asasina Nèg Ame Fè sou Li nan Gonayiv, 1e Janvye 2022, P.M. Ariel Henry Di Li Pap Negosye ak Gang

Premye minis Ariel Henry di gouvèman lap dirije a pap negosye ak bandi kap teworize sitwayen yo ann Ayiti. Chèf gouvènman an fè deklarasyon sa a kèk jou apre premye janvye 2022 kote nèg ame nan Gonayiv ki te opoze ak prezans li nan kad selebrasyon 218e anivèsè endepandans peyi a nan site endepandans la te louvri kout zam nan direksyon kòtèj li.

Se anba gwo estrateji lapolis ke Premye minis Ariel Henry rive chape anba lapli bal gwoup gang nan katye Raboto tap tire nan direksyon otorite ayisyèn yo ki te fin patisipe nan mès tedeyòm nan Katedral Gonayiv la sou plas dam endepandans la kote zansèt yo te fè diskou an 1803 pou di lemond antye Ayiti se yon nasyon lib e endepandan.

Plizyè medya Ozetazini rapòte nouvèl sou tantativ asasina sou Premye minis ayisyen an Ariel Henry. CARICOM kondane atak la e mande otorite yo ann Ayiti pran tout dispozisyon pou evite jan de aksyon sa yo kontinye. Gouvènman an pwomèt pou l mete aksyon piblik an mouvman kont bandi yo. Pou le moman Ayiti rete yon peyi kote sitiyasyon sekirite trè frajil.

Bandi kontinye kidanape plis pase yon dizèn sitwayen chak jou. Matizan rete toujou enpratikab anba kontwòl gang ame ki pran moun kap frekante zòn sa pou sib yo. Premye Minis Ariel Henry mande kominote entènasyonal la pou leve anbago zam sou Ayiti yon fason pou gouvènman an kapab dote lapolis ak materyèl nesesè li bezwen pou fè fas ak bandi yo.

Dr. Claude Joseph Aplodi Arestasyon Mario Palacios, Sispèk Kle nan Lanmò Prezidan J. Moise la

Dr. Claude Joseph, ansyen minis afè etranjè e premye minis a.i. sou Prezidan Jovenel Moise, bat bravo lakontantman pou kout filè ajan Biwo Envestigasyon Amerikèn yo, FBI, fè kote yo rive mete anba kòd, Mario Antonio Palacios Palacios, ansyen militè kolobyen e gwo sispèk nan asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise jou ki te 7 jiyè 2021 an lakay li nan Petyon vil.

Dr. CLaude Joseph, chèf gouvènman nan moman asasina Prezidan Jovenel Moise la te mande Etazini sipò l pou sekirize peyi a ak pou ede Polis Nasyonal la, PNH, nan ankèt pou mare asasen yo. Etazini te delege ajan FBI pou al asiste DCPJ nan ankèt sou asasina prezidan Moise la. Ajan FBI yo te rive kolekte plizyè enfòmasyon enpòtan nan ankèt la. Yo te menm trase bank kote lajan pou te peye mèsenè yo te depoze. Dr. Claude Joseph te fè demach tou pou peyi Tirki rapatriye ann Ayiti komèsan ayisyen Samir Handal ke lajistis ayisyèn di lap chache kou chen fou nan kad ankèt sou asasinay Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise.

Depi apre l te fin pèdi djòb li kòm minis afè etranjè sou gouvènman Ariel Henry a, Dr. Claude Joseph pa mete dlo nan bouch li pou l kontinye mande jistis pou Prezidan Jovenel Moise. Li kontinye ak yon seri video mesaj sou medya sosyal pou l adrese l ak pèp ayisyen an. Si anpil ayisyen aprese l paske li te li reponn kin-alaganach dominiken yo ki tap chante kantamwa yo nan safè sekirite e fè lemond kwè Ayiti se yon pwoblèm, anpil lòt moun repwoche Dr. Claude Joseph dèske li tap mande entèvansyon militè etranje sou sòl ayisyen an, yon demach adminstrasyon amerikèn Biden/Harris la te rejte kategorikman.

Konplotè yo Te Chanje Plan pou Kidnape Prezidan an an Asasina Dapre Mario Palacios

Mario Antonio Palacios Palacios, yon ansyen militè kolobyen yo konnen sou ti non jwèt “Floro” ki se dènye sispèk yo arete pou enplikasyon l nan asasina Prezidan ayisyen an Jovenel Moise, fè gwo deklarasyon bay ofisye Biwo Envestigasyon Ameriken yo, FBI. “Lè plan pou te arete Prezidan Jovenel Moise la ak yon fo manda nan dat 31 oktòb 2021 nan Ayewopò Toussaint Louverture a nan Pòtoprens te echwe, nimewo #1 chèf konplo a te dil yap pase yon dezyèm vitès fwa sa a pou asasine premye sitwayen ayisyen an,” pou n site deklarasyon chèf mèsenè yo, ansyen militè kolobyen, sispèk enpòtan nan asasina prezidan Jovenel Moise la, Mario Antonio Palacios Palacios.

Mario Antonio Palacios Palacios se yon sispèk kle nan asasina prezidan ayisyen an Jovenel Moise. Madi 4 janvye 2022, li te parèt pou lapremyè fwa devan yon jij federal nan Florid apre otorite amerikèn yo, FBI, te fin lokalize li peyi Panama kote yo te mete li anba kòd. Palacios te kite Jamayik e li te an trazit nan Panama avan pou l te retounen nan peyi l, Kolonbi.

Otorite ayisyèn di se misye ki te responsab pou founi sipò teknik ak materyèl bay mèsenè li yo, swa anviwon 25 militè kolobyen parèy li. Yo te pran pòz se ajan DEA, yon adminstrasyon amerikèn ki la pou trake trafikan dwòg yo te ye kote yo te antre nan rezidans prive Prezidan Moise la nan Pegivil epi krible l ak bal nan lanuit 6 ak 7 jiyè 2021 an. Madan Prezdian Martine Moise te soti blese grav nan atak la.

Palacios Palacios fè plizyè lòt deklarasyon bay FBI e li se yon sispèk enpòtan nan envestigasyon DCPJ ak jis entriksyon ann Ayiti ap mennen sou asasina Prezidan Jovenel Moise la. Pou le moman Palacios nan yon prizon federal Ozetazini sou plizyè chèf akizasyon otorite amerikèn yo gen kont li, pami yo vwayaje nan yon peyi etranje pou al asasine yon chèf deta yon lòt peyi.

%d bloggers like this: