Yon Syantis Iran Mouri Asasine, Tehran Pwomèt pou l Vanje

This image has an empty alt attribute; its file name is irann.png

Iran akize Izrayèl dèske se li ka ta dèyè atak ki fèt sou syantis li a, vandredi 27 novanm 2020 andeyò Tehran. Yon bonm eklate tou pre machin syantis la e toye l frèt, sa ki ta sanble yon asasinay planifye. Pèson pa di se yo ki fè atak la. Sepandan, minis afè etranjè Iranyen an, Javad Zarif lonje dwèt sou Izrayèl li rann responsab atak la. Izrayèl ki toujou ap denonse pwogram nikleyè Iran an poko reponn akizasyon Tehran yo ki jiska prezan san prèv.

Etazini: 13 Milyon Ameriken Enfekte e 90 Mil Ospitalize ak Kovid 19

This image has an empty alt attribute; its file name is kv.png

Anviwon 13 milyon ameriken teste pozitif ak kovid 19; 90 mil nan yo ospitalize fen semèn mwa novanm 2020 an. Ekspè yo kwè kantite moun ki teste yo ogmante paske anpil sitwayen deside al fè tès la avan yo vwayaje pou wikenn manch long, Jou Aksyon de Gras la, Thanksgiving, kote yo vizite fanmi ki nan lòt eta pou al manje kodenn ansanm ed di BonDye mèsi.

Plizyè eta retounen nan premye faz ijans yo kote yo entèdi moun pran lari si yo pa bezwen. Manifestasyon ak legliz se sèl eksepsyon nan ka sa a paske libète pou moun reyini se yon dwa konstitisyonèl Ozetazini. Lopital yo anrejistre anpil pasyan ki gen kowonaviris.

An menm tan tou, otorite sanitè ameriekèn yo fè konnen gen yon vaksen kont pandemi a ki ap disponib avan dezyèm semèn mwa desanm 2020 an. Pwoblèm nan se kiyès ki dwe pran vaksen sa a anvan? CDC, Sant Kontwòl Maladi Ozetazini ap travay sou kesyon sa a.

Prezidan Trump Poko Vle Admèt Joe Biden Genyen Eleksyon an

Prezidan ameriken an Donald Trump fè konnen pou Joe Biden ta antre nan Mezon Blanch la, fòk li ta ka montre kote li jwenn 80 milyon vot sa yo, yo di li genyen nan eleksyon prezidansyèl yo. Mesye Trump kontinye ensiste pou l di se nan magouy Joe Biden rive fè tout vwa sa yo nan eleksyon an.

Nan fen semèn pase a, Lamezon Banch te bay otorizasyon pou Jeneral Sèvis Administrasyon GSA, mete aladispozisyon prezidan eli a Joe Biden ak vis-prezidan Kamala Harris, fon ak lòt resous ki nesesè pou tranzisyon an avan pasasyon pouvwa a ki dwe fèt 20 janvye 2021 an kap vini la. Sepandan mesaj Twitter lokatè sòtan Lamezon Blanch la pibliye jodi vandredi 27 novanm 2020 montre li poko pare pou l pase mayèt la bay lidè Demokrat la.

Ameriken Toupatou Ap Selebre Jou Aksyon De Gras la, “Thanks Giving”

Jou Aksyon de Gras 2020 an rive nan mitan yon pandemi, men li pa deranje twòp tradisyon ameriken yo. An reyalite, òganizasyon charitab ameriken yo, pa egzanmp, make jou fèt la nan fè sèvis volontè tankou ede moun ki nan bezwen, distribye manje bay sila yo ki san zabri ak moun kap sèvi peyi a tankou ponpye, lapolis, ak lame.

Ameriken yo selebre Jou Aksyon de Gras la nan katriyèm jedi mwa Novanm chak ane. Yo make jounen tradisyonèlman la avèk bwo bataklan manje kote fanmi reyini ansam pou di Bon Dye mèsi pou tout sa li fè pou yo pandan ane ak yon gwo tonton kondenn boure nan mitan tab yo.

Prezidan ameriken an toujou beni kodenn nan nan Mezon Blanch avan fèt la. Se okasyon tou pou chèf leta a envite veteran ou byen al vizite manm lame pou selebre Jou Aksyon de Gras la ak yo sou baz yo.

Mèt Andre Michel Di Pap Gen Eleksyon ak Jovenel Moise sou Pouvwa a

Pòt Pawòl lèl di opozisyon politik la Mèt Andre Michel di ekelsyon pa posib ak Prezidan Joevenel Moise sou pouvwa a ann Ayiti. Mèt Andre Michel di pap gen eleksyon jeneral an 2021 ak Jovenel Moise sou pouvwa a paske manda l ap fini 7 fevriye 2021. Dapre li, solisyon kriz la ap pase pa yon tranzisyon politik responsab e ekilibre.

Mèt Andre Michel anonse kèk òganizasyon dwa zimen li di ki al depoze depoze plent yo kont nouvo direktè polis la, Leon Charles, poutèt vyolans fòs delòd yo fè sou manifestan nan mach opozisyon an jou ki te 18 novanm 2020 pase a, nan okasyon 217 anivèsè drapo a.

Prezidan Jovenel Moise Vle Tout Aysiyen sou Latè Gen yon Pyès Didantite Ayisyen

Prezidan Jovenel Moise di li vle ke tout ayisyen kèlke swa kote yap viv sou latè beni gen yon kat didantite ayisyen. Lokatè Palè Nasyonal la deklare: “

Fas ak pwoblèm idantifikasyon sa ki lakoz anpil moun poko ka fè kat yo, mwen pase enstriksyon ak otorite konsène yo pou yo chak travay nan sa ki konsène yo pou yo rive bay tout Ayisyen, nenpòt kote lap viv sou latè a ak de nesans Li ak tout lòt pyès kap pèmèt yo rive idantifye l.

Prezidan Jovenel Moise kontinye pou l di:

“Se yon Dwa pèp Ayisyen an genyen pou l jwenn kat idantifikasyon li gratis epi byen fasil nan nenpòt Biwo ONI. Se yon Devwa Leta genyen poul bay ONI mwayen poul rive reponn ak gwo responsablite sa. Pou sa mwen deside mete tout resous yo disponib pou pèp la ka rive jwenn bon sèvis.”

Prezidan Jovenel Moise akonpaye ak chèf gouvènman li an Joseph Jouthe pale konsa pandan yon rankont ak otorite ONI yo mèkredi 25 novan 2020 an eli poste mesaj sa a sou kont Twitter li. Demach pou kat didantite a raple objektif gouvènman an genyen pou rive reyalize eleksyon nan peyi a nan ane 2021 kap vini la kote chak moun ap bezwen gen yon idantite pou yo kapab al vote.

Kèk nan objektif Prezidan Jovenel Moise ki prèske rive nan fen manda li se mete kouran nan peyi a 24 sou 24, revize konstitisyon an, ak reyalize eleksyon pou tout pòs vid elektif nan leta a.

Gouvènman Ayisyen Vle Ogmante Manm Lame a

Yon pwosesis rekritman pou yon nouvo klas kadèt deja sou pye nan lokal Fòs Lame an Ayiti. Fòs Lame Dayiti (FAD’H) planifye pou rekrite ant 3.500 ak 5.000 twoup ane 2021 kap vini an daprè deklarasyon, kòmandan an chèf FAD’H la, Lyetnan Jeneral Jodel Lesage fè nan Le Nouvelliste. Li di tou objektif la se asire yon prezans militè sou tout teritwa a peyi a.

Meghan Markle pale de “yon Moman Tris” apre yon Foskouch

Meghan Markle revele li te soufri yon foskouch dapre deklarasyon li fè nan yon atik opinyon, nan New York Times, mèkredi 25 novanm 2020 an.

Duchesse of Sussex la, ki marye ak Prens Harry, di ke li te santi li etranj pandan yon maten nan mwa jiyè pase a, nan moman li tap pran swen premye bebe yo a, Archie.

Markle te ale lopital imedyatman. E bò kote l, Prens Harry te la pou sipote l kote dlo tap koule nan je yo tou le 2. E pren la bo li e mande l, “èske li ok.”

Dapre Duchesse of Sussex la ki gen 39 van, “Pèdi yon timoun vle di pote yon doulè ensipòtab, e ki mande anpil kouraj.” Li di tou, ” Se pa tout moun ki santi yo alèz pou pataje yon istwa tris konsa, eksperyans l fèm sonje doulè moun sa yo ki soufri ansilans.”

Diego Maradona, Lejandè e Super Star Foutbòl Mondyal la, Mouri

Lejand foutbòl mondyal Diego Armando Maradona mouri mèkredi 25 novam 2020 an alaj de 60 an.

Maradona, yon ajanten fyè, sikonbe anba maladi respiratwa; li te gen difikilte pou respere dapre sa jounal El País rapote. Selon Agence France Presse, Maradona ta fe yon kriz kadyak.

Nimewo lejand 10 nan seleksyon Albicéleste a te kaptive fanatik foutbòl atravè mond nan ane 1980 yo ak ane 1990 yo.

Maradona te pran nesans 30 oktòb 1960 nan Buenos Aires, Ajantin. 22 jiye 1986 nan Mexico City, se te yon lot jou nesans pou Diego Armando Maradona lè li te make yon gol ekspetakile fas ak Anglete. Depi apre retret li an 1997, Maradona tap fe fas ak plizyè pwoblèm sante tankou obezite, dròg, ak pwoblèm ke. Peyi Ajantin dekrete 3 jou dèy pou Maradona.

Blog at WordPress.com.

Up ↑

%d bloggers like this: