Ayiti: Apèl pou Abandone Referandòm nan Pa Sanble Fè Pouvwa Egzekitif la Ni Cho Ni Frèt

Gouvènman ayisyen an pa sanble vle abandone pwojè referandòn li a malgre plizyè òganizasyon politik lokal ak lidè nan sosyete sivil la e latriye pa panse moman an pwopis pou Ayiti òganize eleksyon ak referandòm. Pwoblèm ensekirite, kidnapin ak krikz politik la se prensisipal rezon ki fè pliyzè sektè pa kwè eleksyon posib an ann Ayiti. Tankou Legliz katolik ki kwè yon antant politik nesesè avan pou leta ta konvoke pèp la pou l al vote pou di si wi ou non li vle yon nouvo konstitisyon.

Yon lòt kote, gen opozisyon politik la ki rejte kategorikman tout chita pale ak pouvwa egzekitif la. Li deklare manda prezidan Jovenel Moise fini depi 7 fevriye 2021. Opozisyon akize pouvwa a dèske li nan konivans ak gwoup gang yo kap kidnape epi teworize popilasyon an. Batay ak gang rival kontinye fòse popilasyon nan katye popilè yo kite zòn yo. Jiskaprezan, antre Sid peyi a bloke akoz lese frape ant diferan gwoup gang nan zòn Matisan kap twoke kòn yo. Lapolis rete bèbè devan lese frape sa yo. Opozisyon politik la di popilasyon ayisyèn nan anba twòp twomatism ensekrite. Li pa dispoze al vote nan yon klima konsa.

Kèk lidè politik byen koni ak jiris menase pou yo bòykote referandòm nan. Prezidan Sena a, Joseph Lambert bay gouvènman an yon pinga pou l pa mete okenn biwo vòt nan Sid peyi a sinon lap kraze yo. Mèt Danton Leger, yon ansyen komisè gouvènman, nan yon rankont politik kont referandòm nan, te distribye plizyè manchèt bay patiizan li yo nan kad menas pou bòykote referandòm nan. Minis Jistis ayisyen Rockfeller Vincent pase yon move moman nan Jacmel pandan wikenn nan moman kòtèj li te kwaze ak yon gwoup militan anti-referandòm. Militan yo panse minis la te nan on misyon kapay referandòm nan Jacmel, yon enfòmasyon kabinè minis la demanti.

Pandanstan, gouvènman an kontinye ap fè kanpay atravè peyi a e aletretranje pou mande pèp la al vote nan referandòm nan. , Konsèy Elektoral Pwovizwa, KEP a di machin elektoral la an branl e li pap fè bak. Lap avanse san gad dèyè pou referandòm nan 27 jen 2021 kap vini la e eleksyon yo pou pi devan. Isit Ozetazini, atravè misyon diplomatik yo gouvènman ayisyen lanse kanpay pou sansibilize dyaspora ayisyen an sou koze refrandòm nan. An menm tan tou, gen mobilizasyon nan dyaspora a kont referandòm nan ann Ayiti.

Administrasyon Biden-Harris la Kenbe Pwomès Li Te Fè Kominote Ayisyèn nan

Jan l te anonse sa a pandan kanpay elektoral la, Prezidan Joe Biden sonje e epi kenbe pwomès li te fè kominote ayisyèn nan. Nan dat 21 me 2021 Depatman Sekirite Teritoryal DHS anonse pwolonjman TPS Stati Pwoteksyon Tanporè a pou tout sitwatyen ayisyen ki twouve yo sou teritwa ameriken an e ki kalifye pou sa pou yon peryòd 18 mwa. Etazini di li rekonèt sitiyasyon pa bon ann Ayiti pou sitwayen ki ta vle retounen nan peyi a ta kapab fè sa a san kè sonte.

Kontrèman ak ansyen lidè ameriken an Donald Trump ki te mete fen nan TPS la pou ayisyen yo e pandan yon reyinyon nan Lamezon Blanch te trete Ayiti tankou yon peyi twou latrin, nouvo lidè ameriken Joe Biden renouvle angajman l pou pote asistans nesesè bay kominote ayisyèn nan. Nouvèl adminstrasyon amerikèn nan rekonèt kontribisyon ayisyen-ameriken yo nan sosyete amerikèn nan. Nan dat 26 me 2021 an Sekretè Deta Sekirite Teritoryal la Alejandro Mayorkas vizite kominote ayisyèn nan Miami, Little Haiti. Nan yon mesaj sou kont Twiter, Mesye Mayorkas di, “Aaysiyen-ameriken yo pote gwo kontribye nan kominote yo e isit Etazini. Mwen fyè pou m vin pase yon titan ak yo pou selebre Fèt eritaj yo. “

Anpil moun te kòmanse gen gwo kè sote premye jou apre Prezidan Bidn te fin pran pouvwa a kote imigrasyon ameriken te kontinye depòte ayisyen san dokiman yo pa ban e pa pakèt. Yo te gen dout sou pwomès lidè demokrat la te fè pou l di sil vin prezidan lap renouvle TPS pou ayisyen yo. Administrasyon Demokrat la non sèlman renouvle TPS pou aysiyen yo men pwomèt amelyorasyon nan sistèm imigrasyon an jeneral Ozetazini.

Yon lòt kote gouvènman ayisyen an rejwi de desizyon aministrasyon Biden-Harris la pou renouvle TPS pou ayisyen yo. Sepandan otorite yo an Ayiti bliye se akoz sitiyasyon sosyo-politk yo vin pi mal nan premye nasyon nwa karayib la. Premye Minis ai PHTK a Claude Joseph di prezidan ayisyen an aplodi desizyon nouvèl la ki dapre li kreye plis estabilite pou ayisyen ki san dokiman yo Ozetazini.

Ayiti: Kowonaviris la Tounen ak Fòs; Otorite yo Pwolonje Eta Dijans Sanitè a pou 15 Jou

Ayiti: Sitiyasyon an parèt grav nan moman peyi ap fè fas yon 3èm vag kowonaviris. Prezidan Jovenel Moise pou rezon sa a di gouvènman an pwolonje Eta Dijans Santè a pou 15. Lopital yo an Ayiti kontinye anrejistre plis ka kowonaviris se denye tan. Plizè nan yo di yo pa gen espas ankò pou resevwa malad. Pou lapremye fwa ann Ayiti depi pandemi an te parèt, 10 moun mouri yon sèl jou ak enfeksyon viris mòtèl la. Gen plis pase 14 mil moun ki yon jwen ki enfekte e anviwon 321 pèdi lavi yo.

Prezidan Jovenel Moise nan yon adrès alanasyon anonse leta dijans sanitè a renouvle pou 15 jou e mande kolaborasyon tout moun pou rive redui pwopagasyon viris la.

Lokatè Palè Nasyonal la mande otorite yo pou ranfòse mesi yo tankou fè respete kouvrefe a atravè peyi a a pati de 10 diswa rive jiska 5 kè du maten.Prezidan Moise mansyone 2 varyan covid 19 la, bezilyen ak anglè yo li di ki prezan sou teritwa ayisyen an.Prezidan Moise di peyi a batay kont yon 3èm vag kowonaviris la.Mesye Moise lanse yon apèl a linite ant tout sektè pou rive devye pwopabasyon covid 19 la nan peyi a.

Ayiti: Referandòm Pa Posib San yon Antant Politik Dapre Konferans Episkopal Dayiti, CEH

Konferans Episkopal peyi Dayiti a CEH, lanse yon apèl bay pou pouvwa egzekitif la pou mande l renonse ak pwojè referandòm nan yon fason pou evite peyi a konnen yon avni tris. Nan yon mesaj reprezantan legliz katolik yo an Ayiti mete deyò lendi 1 jen 2021 an, yo fè konnen se desizyon ki pi saj nan moman an si otorite leta yo aksepte abandone pwojè referandòn nan. Nòt la di e nap site, ” An nou mete ansanm pou peyi pa antre nan yon lòt peryòd tris e pi mal ke sa nou konnen deja.”

Nòt sa ki pote siyati plizyè wo eta majò legliz katolik tankou gwoup evèk yo, mansyone mesaj yo te mete deyò nan okazyon fèt nwèl 2020 an ki te di, ” Si plizyè moun leve vwa yo pou mande yon nouvèl konstitiyon, e byen nou dwe chache manyè ki pi jis e ki fèt ak patisipasyon tout moun pou rive fè sa.” Evèk yo kontinye pou di, “Se pa sa nou wè kap fèt kounye a. Desizyon pou ranplase konstitisyon an pa kapab pran nan moman peyi a ap fè fas ak yon kriz politik. Sa ki pi enpòtan nan moman nan se jwenn yon konsansis pou soti peyi a nan kriz politik lap travèse a. “

Evèk yo mande tout aktè politik yo pou travay ansanm pou retire peyi a anba grip vyolans gang ame ki anpeche popilasyon viv. Li mande yo travay ansanm pou delivere peyi Dayiti e bay pèp la yon meyè avni.

Ayiti-Eleksyon: Minis Enteryè a Di Lap Mare “Kou Krab” Moun Ki Vle Kraze Referandòm nan

Suit apre deklarasyon Prezidan tirès Sena a, Senatè Joseph Lambert te fè sou yon radyo nan kapital ayisyèn nan Pòtoprens kote l lanse yon pinga bay egzekitf la pou l pa pran chans enstale okenn biwo vòt nan Sid peyi a nan kad referandòm konstitisyon an, ebyen Minis Enteryè rejim tèt kale a, Louis Edner Gonzague Day, ki abitye pran lapawòl nan laprès tankou yon gason kanson fè di li gen kòd nèf pou tout moun ki ta gen entansyon simen latwoublay pou anpeche pèp la vote an jen kap vini la a.

Senatè Joseph Lambert, ke yo konsidere tankou yon politisyen madre ann Ayiti e ke yo bay ti non “animal politik” te pale pou l di si yo mete yon biwo vòt pou referandòm la nan depatman Sid peyi la lap kraze l. Minis Day di prezidan sena a pa pral kraze biwo ak men pa l. Petèt li ka voye kèk patizan li al fè sa. Minis Day di li gen kòd nèf pou sabotè yo.

Mr. Lambert se yon ansyen pwòch rejim PHTK sou Prezidan Michel Martelly. Li vin ajoute sou lis polisyen pwòch ou kont tankou manm opozisyon an ak lòt ki di yo pa nan referandòm ak Jovenel Moise sou pouvwa a.

Pandan dat la ap pwoche, Konsèy Elektoral Pwovizwa a, KEP, deja anonse li resevwa plizyè lo materyèl li te kòmande aletranje pou referandòm konstitisyon an. Sepandan anpil obsèvatè pa kwè referandòm ak eleksyon posib ann Ayiti pou kounye akoz klima ensikirite a ak fenomèn kidnapin nan ki kontinye lage kwo panik nan mitan popilasyon. Lapolis, PNH, sèl enstitisyon ki la pou asire sekirite popilasyon an, parèt fèb devan aksyon bandi yo kap anji san kè sote. Yo menm touye polisye lè yo vle epi sezi kadav yo. Kominote entènasyonal la konitinye ankouraje yon dyalòg ant tout aktè politik yo ki yo chak kanpe sou pozisyon yo.

Kowonaviris Touye Kèk Gran Pèsonalite Politik ann Ayiti

3 pèsonalite politik ann Ayiti mouri anba maladi kowonaviris la pandan semèn nan. Pami yo gen ansyen depite Limonad, Tanus Tertius. Mesye Tertius mouri apre yon malèz dapre madanm li ki te pale ak yon jounal anliy ann Ayiti . Dezyèm viktim nan se ansyen senatè Grandans, Jean-Maxime Roumer. Li te gen 71 zan. Koz lanmò li dapre yon jounalis nan Jeremi ki rapòte nouvèl se ta kovid-19. Lòt enfòmasyon fè kwè 3èm viktim kwonavis la se ansyen direktè Ministè Sante Piblik an palan de, Doktè Yolène Sirena ki te frape anba viris la tou. Direktè FAES, Fon Dasistans Sosyal la, Charles Ernest Chatelier, teste pozitiv ak kowonaviris. Li nan yon eta ki estab dapre sous nouvèl sa a.

Otorite sanitè yo nan peyi Dayiti kontinye lanse alèt bay popilasyon an pou di you respekte konsiy kont kowonaviris la pou yo pa atrape viris mòtèl si la. Kowonavirs touye plis pase yon milyon moun nan lemond. Isit Ozetazini, anviwon 500 mil moum mouri anba kovid-19. Pandemi an ravaje peyi End pandan mwa avril la ak kòmanse mwa me a 2021 an. San bliye sa li fè nan peyi Lagrandbretay, Itali ak Lachin pandan ane 2020 an.

Pifò peyi devlope yo dekwovi vaksen kon viris la. Yo estime si majorite popilasyon yo vaksine sa kapab bay lemond yon souf anba kowonaviris la. Gouvènman an aysiyen bò kote pal nan pwosesis pou l resevwa nan men OMS, Oganizasyin Mondyal Lasante, plizyè milye dòz vaksen kowonaviris pou moun ki vle pwoteje tèt yo kont pandemi an. Gen anviwon 309 moun ki mouri anba kowonaviris depi lè viris la te rive sou teritwa aysiyen an dapre dènye enfòmasyon Ministè Sante Piblik pibliye.

Dènye enfòmasyon fè kwè tou gen 93 nouvo ka konfime ak de (2) moun anplis mouri anba COVID-19 nan dat 24 me 2021 an nan peyi Dayiti. Sa ki bay yon total 14, 351 ka konfime, 2, 156 moun ki pase lopital, 309 moun mouri ak 12, 537 moun trete.

32 Mò, 346 Prizonye an Kaval Dapre Rapò RNDDH sou Evazyon Prizon KwadèBoukè a

Rezon Nasyonal Defans Dwa Zimen, RNDDH mete deyò yon rapò 22 paj sou evazyon ki te fèt nan prizon sivil KwadèBoukè a nan Pòtoprens jou ki te 25 fevriye 2021 an. Envasyon sanglat sa a te gen pou objektif libere chèg gang Vilaj de Dya a, Arnel Joseph, dapre rapò a. Rapò a fè kwè gen anviwon 32 moun ki pèdi lavi yo nan evazyon sa a, 28 nan yo mouri menm jou a. Pami viktim yo gen polisye kite responsab prizon an ke yo egzekite devan baryè antre sant kaseral la. 21 nan prizone yo pèdi lavi yo lè yo te kwaze babkoubab ak inite espesyalize polis la ki pat ba yo chans pou chape oubyen retounen nan prizon polisye egzekite prizonye sa yo nan tout lari KwadèBoukè dapre RNDDH.

Chèf Gang Arnel Joesph li menm ta pral pèdi lavil nan zòn Machan Desalin nan Latibonit. Gen 18 lòt moun ki blese pandan atak nan prizon an, pami yo 3 plosye APENA. Kontrèman ak sa ki tap di nan medya yo, ebyen pa gen viktim nan kan popilasyon KwadèBoukè a. Dapre RNDDH tout viktim mòtèl ki te gen nan lari yo se te prizonye ki tap eseye chape pou l yo pandan evazyon an. Pami 433 prizonye ki sove yo se sèlman 87 lapolis rive mete men so yo. 346 nan detni sa yo toujou an kaval. Ankèt Enspeksyon Jeneral Polis la tap mennen pou konnen enplikasyon polisye ki de sèvis nan prizon an jou sa a prèske pare tou.

Enstalasyon Manm CNAL, yon Ak Bòn Volonte Jidisyè Dapre Prezidan Jovenel Moise

Prezdain Jovenel Moise chante kantamwa l pou enstalasyon manm CNAL, kote li di se yon Ak Bòn Volonte Jidisyè ki pral ede demini kidonk moun ki pa gen mwayen ekonomik yo ki gen pwoblèm ak lalwa,”Prezidan Moise pwosede ak enstalasyon plizyè manm komite CNAL la ki gen misyon pou ede moun ki pa gen mwayen pou peye avoka lè yo gen pwoblèm ak lajistis.

Dapre Prezidan Jovenel Moise komite sila a pral ede nan redwi kantitie moun ki nan prizon e ki paka peye yon avoka pou defann kòz yo. Leta agtravè komite CNAL la ap mete avoka aladispozisyon moun sa yo. Prezidan Moise deplwore le fè ke sistèm jidisyè a jan lap fonsyone a se tankou yon bouwo pou moun ki pa gen gwo mwayen nan peyi a.

Kote anpil nan detni sa yo pase plis pase 10 zan nan prizon san yo pa jann wè jij e san yo pa janm jije. Rezon an se akoz yo pa gen kòb pou peye yon avoka pou defann kòz yo. Lokatè Palè Nasyonal la di leta atravè komite CNAL la a ap bay asistans legal ak tout moun sa yo.

Prezidan Jovenel Moise raple tout moun kap travay nan sistèm jisits la ann Ayiti soti nan grefye pase nan jij, avoka, elatriye ke dinye imèn se dwa fondamantal tout sitwayen. Enstalsyon komite sa a fèt nan Palè Nasyonal jou kite 6 me 2021 an an prezans plizyè otorite nan 3 pouvwa yo ak kò diplomatik la.

Ayiti-Elesyon: Gouvènman an Pa Konte Fè Bak sou Pwojè Referandòm nan Magre Kòb li Poko Kont

Pouvwa egzekitif la ann Ayiti pa konte fè bak sou pwojè referandòm pou yon nouvèl konstitisyon peyi a malgre pifò zanmi nan kominote entènasyonal la di yo pa motive ase pou bay yo asistans finansye nan sans sa a. Pa egzam, Etazini ak Inyon Ewopeyèn ki kwè referandòm nan se yon bòn ide, toutfwa panse ta dwe gen patisipasyon tout moun ladan. Pou tèt rezon sa a, yo deside yo pap finanse referandòm nan. Yon lòt kote se opozisyon politik la ki di yo pa nan ni youn ni lòt, ni referandòm ni eleksyon, ak Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a yo estime ke manda l fini depi 7 fevriye 2021 pase a.

Dapre minis chaje nan zafè eleksyon yo ak dyalòg ak pati politk yo, Matias Pierre, referandòm nan ap koute leta ayisyen anviwon 40 milyon dola. Gouvènman bezwen anviwon 125 milyon dola pou l fè eleksyon an total i konpri referandòm nan. Leta gentan mete adispozisyon KEP a 20 milyon dola. Dapre minis Pierre, premye lo materyèl pou referandòm nan ap rive nan peyi a 15 me kap vini an. Strikti kap mete an plas pou referandòn nan ap tou sèvi pou pwochen eleksyon yo. KEP a deja fin evalye 80 pousan nan sant vòt yo.

Pou sa ki gen rapò ak zòn non dwa yo, minis Pierre fè konnen yo pral enstalè yon seri de mega sant vòt pou moun nan katye popilè yo ka al vote an tout sekirite menm jan yo te fè sa pou Site Solèy nan eleksyon 2006 yo. KEP a deja rekrite anviwon 477 pèsonèl ki pral travay nan biwo vòt yo. Sepandan, nan sa ki gen awè ak kantite lajan eleksyon sa yo ap koute, si Ayiti toujou konte sou zanmi entènasyonal li yo pou finanse pwojè eleksyon ak referandòm nan, jiska prezan li poko jwenn yon goud Lesko nan men kominote entènasyonal la. Eske referandòm nan ki fiske pou mwa jen pwochen an ap rive fèt malgre kòm gouvènman an poko kont? Oubyen, eske ane 2021 an ap yo ane elektoral jan kominite entènasyonal la swete sa a pou premye nasyon Afriken an nan Karayib la.

Blog at WordPress.com.

Up ↑

%d bloggers like this: