Kongrè Ameriken an Konfime Joe Biden ak Kamala Harris, Prezidan e Vis-Prezidan Etazini

Li te nan 3 zè di maten lè 2 chanm Kongrè a te reyini jedi 7 janvye 2021 pou konfime Joe Biden kòm pwochen prezidan ameriken. Vòt sa a rive fèt apre yon jounen touman kote plizyè patizan Prezidan Trump te anvayi espas Kongrè ameriken an e vandalize l building nan ki chita nan kè kapital Etazini an ke le lemond konsidere tankou yon senbòl demokrasi, kote eli yo, senatè ak depite pi gran puisans mondyal la reyini chak jou pou fè deba e vote lwa pou defini fonksyonman nasyon an.

Se pou lapremyè fwa nan listwa Lèzetazini Damerik ke Kongrè ameriken rive sibi yon atak ki tèt koupe ak yon zak teworis. Lapolis te parèt inpuisan devan dappiyanp patizan Trump yo te fè sou lokal Kongrè a e fòse senatè ak depite yo mete yo alabri pou yo pat viktim. Apre 72 zèd tan lapolis ak gad nasyonal te pran kontwòl Capital Hill la epi repouse wouligan yo. Menm aswè mèkredi 6 janvye 2021, tout aktivite nan Kongrè a te reprann e deba sou konfimantion viktwa Joe Biden ak Kamala Harris kòm Prezidan e vis Prezidan nan eleksyon novanm 2020 an te kontinye.

Vis-prezdan sòtan an, Mike Pence, apre vöt la te li rezilta eleksyon yo pou di Joe Biden pote viktwa nan eleksyon yo ak plis pase 300 vwa gran elektè pandan ke prezidan Trump li menm fè anviwon 230 vwa. Joe Biden ak Kamala Harris ap prete sèman 20 janvye 2021 kap vini la. Vòt Kongrè a sou rezilta eleksyon se yon egzèsis demokratik regilye chak fwa gen eleksyon prezidansyèl.

Sepandan akid 12 nan konstitisyon ki pale de sa a, pa bay Kongrè pouvwa pou l ta anile rezilta eleksyon nan nenpòt eta Ozetazini menm si ta gen objeksyon sou rezilta vòt sa yo pandan deba avan vòt konfimasyon an. Kidon, mouvamn bòykotaj patizan Trump yo, se te sèlman pou anpeche Kongrè a fè travay li kòm sa dwa, yon move ekspetak majorite sitwayen ameriken kondane e plizyè peyi zanmi Etazini kritike e di yo pata renmen wè ankò.

Etazini: Kongrè a Rekontinye Fonksyone Apre Plizyè Patizan Prezidan Trump Te Pral Daso

Plizyè patizan prezidan Trump pran daso Kongrè a mèkredi apremidi 6 janvye 2021 nan moman tow 2 chanm yo te reyini pou fè deba epi vote pou ratifye Joe Biden kòm 46èm prezidan ameriken. Prezidan Trump pandan yo rale te mobilize patizan li yo pou pwoteste e kontinye pwoklame viktwa li nan eleksyon novanm 2020 yo malgre rezilta yo montre kandida Demokrat la Joe Biden fè plis vwa ke Mesye Trump. Lapolis te parèt fèb devan patizan prezidan Trump yo ki antre andan Kongrè a, vandalize l bulding kò lejislatif, epi mete andanje lavi manm li yo.

Ameriken tou patou eksprime mekontantman yo kont imaj regretab sa a patizan Trump yo montre de peyi Etazini ke lemond konsidere kòm chanpyon nan zafè demokrasi ak separasyon 3 pouvwa leta yo, egzekitif, lejislatif e jidisyè. Majistra vil la Washingon DC a, Muriel Bowser, dekrete yon kouvrefe ki kòmanse a 6pm jiska 6 nan maten. Tout moun otorite yo jwenn nan lari yap mete anba kòd. Eksepete travayè esansyèl, manm laprès ki gen lese pase. Majistra a deplwaye gad nasyonal pou kontwole Capital Hill la ak zanviwon li. Polis soti nan plizyè eta ki tou pre washingotn DC pou vin ranfòse sekirite Kongrè a.

Pandan move imaj sou daso ak kraze brize patizan Trump yo nan Kongrè a tap defile sou ekra medya toupatou Ozetazini ak nan lemond, lokatè Mezon Blanch la te pran lapwòl pou l di patizan l yo retounen lakay yo an pè, pandan li kontinye di yo se vòlò Demokrat yo vòlò eleksyon an men l. ” yon bagay nou paka aksepte,” poun site prezdian Trump. Manm Kongrè a retounen pou vin kontinye ak deba yo e konprete sesyon an pou ratifye Joe Biden kòm pwochen prezidan Etazini. Tout efò Prezidan Trump te deplwaye pou l devan lajisis pou pwoteste kont rezilta eleksyon yo te san zefè. Mesye Biden ak vis-prezidan Kamala Harris gen pou prete sèman 20 janvye 2021 kap vini la.

Lagrand Bretay Antre nan yon Konfinman Manch Long Akoz yon Variant Kovid 19 la

Nouvèl ki soti nan Lagrand Bretay fè kwè otorite yo egzije yon lòt konfinamn a akoz yon variant pandemi kowona viris la ki ta pi danjere ke kowonaviris ki touye plis pase 50 mil sitayen britanik. Otorite yo bay lòd pou lekòl kontinye pandan tout etidyan rete lakay yo pou pran leson sou entènèt. Yon konpay nan Lagran Bretay devlope yon vaksen kont viris la e otorite yo pwomèt pou yo vaksinen anviwon 10 milyon moun nan mitan mwa fevriye kap vini la.

Ayiti: Lapolis Mare, Delius Joseph, yon Ansyen Militè Ki Pran Lèzam Kont Pouvwa a

Ann Ayiti, lapolis mete anba kòd yon ansyen militè ki reklame tèt li kòm revolisyonè kont pouvwa an plas la. Delius Joseph, yon ansyn sou lyetnan nan ansyen lame Dayiti a jwenn arestasyon l ak 7 lòt akolit li nan Kwadèboukè, zòn Kanaran samdi 2 janvye 2021 an.

Plizyè inite polis nasyonal la ak nouvo lame Dayiti te mete ansam pou al deloje yon gwoup nèg ame ki te gen alatèt yo Delius Joseph, yon sitwayen ameriken dorijin ayisyen. Moun te ka wè nan yon video ki tap sikile sou medya sosyal kote ansyen sou lyetnan FADH la kap pale ak jounalis kote li pwomèt lame revolisyonè a pral chanje Ayiti e dechouke Jovenel Moise sou pouvwa a.

Otorite polisyè yo di yo sezi 4 zam. Pami yo, yon pistolè 9 milimèt ki se pwopriyete polis nasyonal, zam ke polisye te pèdi nan zòm Mòn Kabrit apre yon gwoup nè ame te fè dappiyanp sou yo. 3 nan asayan ki te ak Derius Joseph yo pèdi lavi yo pandan entèvansyon lapolis la. Otorite yo di yap chache plisyè lòt endividi ki asosye ak mouvman Delius Joseph la.

Ayiti: Lapolis Ap Chache Aktivman Chèf Gang Joseph Wilson alyas “Lanmò San Jou”

Lapolis ann Ayiti di lap chache aktivman Joseph Wilson alyas “Lanmò San jou” ak 2 akolit li, ki te mete van vwal yo panpan operasyon pou demantle gwoup bandi ame ki rele tèt yo “400 marozo” a nan Kwa dè Boukè. Dimanch 27 desanm 2020 an, plizyè inite espesyal polis la te fè yon desandelye nan baz bandi ame sa yo pou te demobilize aktivite kriminèl yap mennen nan peyi a. Selon nouvèl yo, 15 nan manm gang 400 mawozo a ta deja anba kòd. Operasyon PNH yo antre nan vag mobilizasyon pou eseye derasine mouvman bandi ame yo ki pa sispan simen dèy nan mitan popilasyon an.

Ayiti: Lè Responsab Sekirite Ap Viktim Anba Men Bandi, Kilès Kap Gade Vil la?

Samdi 26 desanm 2020, bandi ame asasinen enspektè divizyonè Ferais Telfort nan vil Okap. Chèf Brigad Entèvansyon (BI) Polis Nasyonal Dayiti nan North Ferais Telfort mouri nan papòt dezyèm vil nan peyi a, pi presizeman nan “Kafou Lacho”, twazyèm seksyon kominal nan Petite-Anse.

Selon enfòmasyon pòtpawòl Nò Polis Nasyonal Dayiti (PNH) Anassé Dorival, ofisye polis la te resevwa plizyè pwojektil e malfra yo te sove apre yo fin komèt krim yo.

Pandan sezon fèt sa a, ensekirite te rive nan wotè ki pi wo nan peyi a Kidnaping ak zak asasina kontinye ap fèt nan tout peyi a. Enspektè Ferais Telfort se yon lot viktim ensekirite yo.

Ayiti: Tranzisyon ou Eleksyon” Altènativ pou Rezoud Kriz Politik la

Ayiti ap fè fas ak yon enpas enstitisyonèl ki atire atansyon nasyonal e entènasyonal. Prezidan Jovenel Moise gen yon lane depi lap dirije peyi a pa dekrè apre l te vin te fin anonse li remake kadisite Palman an 13 janvye 2020 an. Ane avan an, 2019 la ki ta sipoze yon ane desizif pou òganizasyon eleksyon pou plizyè pòs elekstif, te fini san aktè politik yo pa rive antann yon sou yon nouvo kalandriye elektoral ak yon gouvènman douvèti. Manda palamantè yo fini san yo pa rive vote sou yon bidjè ak lwa sou òganizasyon eleksyon yo.

Depi lè sa a, Prezidan Jovenel Moise oblije rapousiv ak pwogram gouvènman li an san sipò yon palman. Pandanstan, kominote nasyonal e entènasyonal, sosyete sivil, politisyen, ak Kò Gwoup la, kikonpoze ak diplomat peyi zanmi Ayiti yo, ap sone sonèt dalam demokrasi a pou mande òganizasyon eleksyon lejistlatif yo ak lòt rapid rapid, yon fason pou peyi ka retounen nan lòd konstitisyonèl li.

Soti sou piblikasyon nouvo kòd penal rive nan kreyasyon ANI, yon sèvis entèlijans gouvènmantal, rejim PHTK pa sispan resevwa kritik ki gwoup sa yo ki montre yo pa danse kote ak plizyè nan dekrè sa yo ki fè rejim tèt kale sanbe kou degout dlo ak yon diktati.

Apre Kò gwoup la ki di li pa entèrese nan pote asistans bay gouvènman an zafè ANI an, yon gwoup depite ameriken ki di yo ap kade ak anpil atansyon sitiyasyon an ann Ayiti, fè konnen yon afavè yon tranzisyon pou politik an Ayiti. Yon responsab nan Depatman Deta ameriken di nan laprès ke Etazini ankouraje eleksyon e ta prefere Prezidan Jovenel Moise sispann dirije peyi pa dekrè. Bò kete pal, Mèt Andre Michel, youn nan pòt pawòl lèl di opozisyon an mande Prezidan Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021 kap vini la. Sepandan, ajenda gouvènman Jouthe/ Moise la se fè eleksyon an 2021 e remèt pouvwa an fevriye 2022.

Ayiti: Premye Minis Joseph Jouthe Di Li Detèmine pou Ramne Lòt ak Sekirite

Premye Minis Jouthe pwomèt ke lapolis ap rive mete lòd nan peyi a ak demantle gang ame yo kap simen latwoublay toupatou. Gang ame kidnape plizyè sitwayen e mande gwo ranson moun yo pa ka peye. Rich kou pòv pa epaye anba bandi yo, yon sitiyasyon ki lage gwo kè sote menm nan dyaspora a ki renmen vin pase fèt fen dane a lakay yo, ann Ayiti.

Nouvèl yo fè kwè bandi atake e kidnape yon sitwayen ameriken nan Jeremi epi ale ak yon pitit gason li ki gen 11 zan. Yon komèsant nan Pòtoprens, Wisline Montas, toujou anba men ravisè yo ki made plis pase yon milyon dola ameriken pou liberasyon l.

Pandanstan, lokatè Primati a, bat bravo pou lapolis ki rive antre nan kè katye popilè bandi ame kontwole. Premye minis Jouthe di, “Moun pa pase chèf nan jwèt. Moun pa bay chèf defi.” Li voye yon pinga bay gwoup gang yo pou l di yo lapolis ap rive sou yo tout. Li pwomèt pou kwape bandi tout kalite, ni sa ki ak kostim ni sa ki ak sapat.

Blog at WordPress.com.

Up ↑

%d bloggers like this: