
Mèt Newton Saint Juste ale nan menm sans ak 2èm rapò RNDDH la sou asasina Prezidan Jovenel Moise la kote yo kontinye denonse koripsyon nan sistèm jistis ayisyen an. Yo fè konnen gen gwo kout kòb ke plizyè prezime sispèk ta bay pou benefisye odisyon ladoudous nan kabinè jij enstrisyon ki tap mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la.
Mèt Saint Juste di grefye kap travay ak jij enstriksyon Garry Orelien sou ankèt la leve yon gwo men sòl. Mèt Newton Saint Juste, avoka leta ayisyen ki tap defann gouvènman Jovenel Moise la nan litij li ak konpayi SOGENER nan yon zafè kouran EDH, di lajistis ayisyèn parèt lèd anpil nan ankèt sou asasina chèf deta Ayiti a kote lemond antye entèrese nan konnen kilès ki otè entèlektyèl gwo krim sa a. Mèt Saint Juste fè deklarasyon sa a pandan li tap patisipe nan yon emisyon sou Radio Scoop FM nan Pòtoprens.
Klike sou video a pou plis detay: