
Jounalis Diego Charles ak militant Antoinette Duclair pami plizyè moun ki mouri an anba bal asasen nan Pòtoprens madi 29 pou louvri mèkredi 30 jen 2021 an. Sitwayen nan Pòtoprens leve mèkredi maten 30 jen an kote yo dekouvri plizyè abitan kap benyen nan san yo nan zòn Delmas 32 apre fin tire sou yo.
Jounalis Diego Charles ap travay pou radio Vision 2000 e militant se manm estrikti politik Matris Liberasyon, Yo tou 2 te gen 33 zan. Lanmò 2 jèn sa yo sekre peyi Dayiti. Medya yo ann Ayiti kondane asasinay 2 jèn yo ak lòt moun ki mouri anba bal bandi yo. Gouvènman ayisyen an kondane zak asasinay yo. Sepandan pa di ki aksyon yap pran pou mete yon fen nan ben de san kap fèt sou popilasyon an atravè peyi a kote lapolis parèt enpuisan devan aksyon malfra yo.