1-Ayiti-Ensekirite: Batay ant Gang Ame yo nan Pòtoprens Gen Gwo Konsekans sou Fonksyonman Lopital yo.

2- Ayiti-Ensekirite: Junior Pinvin, jounalis Jounal Le Nouvelliste, Blese Grav Anba Bal Asasen Pandan Lap Antre Lakay li nan Pòtoprens.

3-Ayiti-Enekirite: Gwo Panik nan KwadèBoukè Samdi 26 Jen an. Gangs Ame ak Lapolis Twoke Kònn yo. Plizyè Machin Boule Devan yon Legliz Pwotestan.

4-Ayiti-Dwa Moun: RNDDH, Denonse 12 Masak Patizan Pouvwa PHTK a Fè sou Popilasyon Ayisyèn nan yon Peryòd 3 Zan, Soti 2018 pou Rive 2021.

5-Ayiti-Sante: 139 Nouvo Moun Enfekte ak Kowonaviris; 9 Lòt Pèdi Lavi yo Anba Maladi a.

6-Ayiti-Vaksen: Asosyasyon Famasyen Ayisyen, APH, Kalifye de Iresponsab Desizyon Ministè Sante Piblik,MSPP, Pran pou Envite Sektè Prive a Enpòte Vaksen Anti-Kowonaviris.

7-Ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide Pa Gen Kowonavirs. Se pou Lòt Maladi lidè Lavalas la Ap Pran Swen nan Peyi Cuba.

8-Yon Aksidan Sikilasyon sou Wout Nasyonal Nimewo 3, Mòn Kabrit, Lakoz Lamò yon Chofè Taptap.
9- Nan Komin Tabare, yon Kout Loraj Lakoz 2 Moun Mouri, yon Lòt Blese Grav.
8-Isit Ozetazini Youn nan Pwen Kap Domine Aktyalie a Se Gwo Bilding ki Tonbe Plat Atè a nan Miam kote Anpil nan VIktim yo Se Sitwayen Etranje Dapre Senatè Repibliken, Marco Rubio.
9-Lòt pwen nan Aktyalite a Ozetazini, Se Kondanasyon Polizye Blank, Derek Chauvin Ki Te Mete Pyel Sou Kou Sitwen Nwa, George Floyd Jiskaske l Te Pete Fyèl li. Ebyen, Lajisitis Jwenn ansyen Polisye Chauvin Koupab E li Pral Pase yon BonTibout Tan ap Reflechi Dèyè Bawo.
