
Premye minis pwovizwa Ayiti a, Dr. Claude Joseph ki te pran lapawòl devan Nasyon Zini di pa gen twòp sousi pou eleksyon yo dewoule ann Ayiti kòm sa dwa. Se sèlman kèk ti pwoblèm lojisitk gouvènman anplas genyen nan sans sa a. PM ai Joseph di Ayiti bezwen yon ti kontribisyon 17 milyon dola ameken pou fè kòb li kont. e li lonje men bay zanmi entènasyonal yo pou fè yon ti jès senbolik. Nasyon Zini di si se konsa KEP a deja jwenn sa lap chache a kòm resous pou l fè eleksyon yo.
Premye minis pou ti bout tan an, Claude Joseph, ajoute pou l di manm Konsèy Nasyon Zini yo, “Nou wè tankou manda m nan ki renouvle a se yon prèv ki montre ke Prezidan Jovenel Moise gen bòn volote pou l fòme yon gouvènman enklizif.” Li fini pou l di, “Rejim tranzisyon yo toujou fasilite koripsyon nan peyi Dayiti.”