
Ajan 1, Limage Gasley, 29èm pwomosyon Polis Nasyonal Dayiti, PNH tobe anba bal bandi ame nan Delmas 6 jedi 17 jen 2021 an. Dapre nouvèl yo, se gwoup gang ame G9 Fanmi e alye ki ta tire sou yon Patwouy CIMO nan Delmas 6, yon zòn ki ta sou kontwòl ansyen polisye ki gen ti non jwèt Babekyou (Jimmy Cherisier),.
Sa fè an total 9 polisye bandi ame asasine nan Pòtoprens nan mwens ke 3 semèn nan kad atak bandi fè sou plizyè pòs polis. Plizyè polisye ki tap pale sou yon radyo nan kapital la apre ensidan eksprime fitrasyon devan enpuisans enstitisyon polis la devan bandi yo. Yo pwomèt pou reponn bandi yo pou zak lach sa a yo komèt sou konfrè yo, Limage Gasley.