
Yon jèn ayisyèn touve lanmò li nan Laval, Okebèk peyi Kanada, sa ki ta sanble yon zak asasinay Marly Edouard, 32 zan mouri asasine nan Kanada dimanch 21 fevriye 2021 an. Marley resevwa yon bal nan tèt ki ta sanble ak yon egzekisyon. Yon vwazen dekouvri Kadav Marly nan yon stasyon nan katye Laval tou pre apatman li an kote li te abite a.
Pandan fen mwa janvye a, Marly te pote plent kont yon ansyen zanmi nouvo konjwen li ki tap fèl menas de mò. Marly te rele lapolis e 2 ajan te depeche pou vin pran depozisyon l. Nouvèl yo fè kwè Marly te pè pou ansyen zanmi konjwen li an pat peye yon tiyè agaj pou detui lavil. Marly byen koni ann Ayiti kòm yon animatris radyo. Li te travay nan Planèt Kreyòl, Radio Soleil ak RFM. Marly Edourad te rezide O Kanada nan ane 2016 yo.