
Opozisyon an mete pwòp prezidan paralèl li ak pouvwa Jovenel Moise la yon jou apre 7 fevriye 2021 an ki raple, dapre yo, fen mande lidè Tèt Kale a (PHTK) ki te pran pouvwa apre viktwa l nan eleksyon 2016 yo. Jij ki pi ansyne nan Kou kasasyon an, Joseph Mécène Jean-Louis, aksepte pou l pran chaj pouvwa egzekitif la so demand opozisyon politik la.

Seremoni enstalasyon an te fèt nan yon lye sekrè nan lannuit 7 pou rive 8 fevriye 2021 an a 2 zè di maten. Pandan jounen an lapolis deplwaye yon gwo dispozitif sekirite devan antre Kou Kasasyon an, pi gran tribinal peyi a.. Minis Jistis la, Mèt Rockfeller Vincent, anaonse mande kont plizyè jij nan Kou Kasasyon an san li pa prezise kilès. Anpil moun panse manèv pou gouvènman Jouthe/ Moise la pou arete jij yo ilegal paske jij sa yo ki manm pouvwa jidisyè a gen iminite.
Pou lemoman, 23 moun pami yo, jij Hiviquel Dabrezil, manm Kou Kasasyon an twouve l nan men lapolis kote lap reponn kesyon sou yon tantative pou te ranvèse Jovenel Moise sou pouvwa a 7 fevriye 2021. Jij Mécène kondane tantative jij Dabrezil la pou te ranvèse Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a. Jij Mécène di jij Kou Kasasyon dwe rete andeyò politik pou yo ka pi byen entèprete lalwa.