
2 Jounalis soti blese pandan yo tap kouvri manifestasyon sou Chann Mas jounen lendi 8 fevriye 2021 an. Youn nan jounalis yo twouve l nan yon ete kritik dapre youn nan sous ki rapòte menn nouvèl la. Dapre sou Miami Herald se sòlda lame Dayiti ki ta tire sou jounalis yo. Lame Dayiti ki rekonstri sou rejim PHTK a, te soti yon nòt pou laprès nan kòmansman jounen lendi pou di ke yo pran responsabilite pou asire sekire ak defann demokrasi nan peyi a.
Pita nan jounen an, nouvèl ki soti nan Ayiti fè kwè sòlda lame Dayiti tire sou 2 jounalis pandan yo tap kouvri yon manifestasyon anti-gouvènman Jouthe/Moise sou Chann Mas nan Pòtoprens. 2 jounalis viktim yo ap travay pou medya an liy, AL TV e TELE PAM dapre menm sous la ki pa revele non yo.
Leave a Reply