
Konferans Episkopal Ayiti a, CEH, soti yon nòt pou laprès kote li fikse pozisyon l sou kriz politik la e fè konnen baton bat chen blan an se menm li men ki dwe bat chen nwa a tou. Sètati otorite legliz katolik yo raple lidè PHTK a ki sou pouvwa an palan de Prezidan Jovenel Moise ke menm konsta lite fè pou senatè ak depite ki te eli nan eleksyon 2016 yo se menm konsta a pou l fè pou tèt li 7 fevriye 2021.
Sa gen anviwon yon lane, swa nan mwa janvye 2020, Prezidan Jovenel Moise te soti yon degrè pou l di li konstate ke manda depite yo ak 2 tyè senatè yo fini, yon sitiyasyon ki ta pral lakoz pouvwa egzekitif la vin sèl kòk chante nan peyi a kote se ak dekrè prezidansyèl lap dirije. Sena a ki gen anviwon 10 manm ki toujou an fonksyon pa ka jwe okenn wòl nan desizyon politik peyi a.
Ebyen otorite eklezyastik yo nan nòt sa a yo pibliye 2 fevriye 2021 an sou kriz politik la sone yon lòt fwa ankò klòch dyalòg la pou di lidè politik yo, opozisyon ak pouvwa an plas la , se sèl chemen ki genyen pou retire peyi a anba grif lamizè ak ensekirite a.
Leave a Reply