
Andepi de tout pwoblèm pèp aysiyen an ap travèse, yon epidemi gratèl ta sanble kòmanse fè raj nan mitan popilasyon an dapre sa obsèvatè nou ki sou plas ann Ayiti rapòte. Plizyè moun ta ap soufri ak yon maladi po ki bay demanjezon, iritasyon e latriye. Tout fwa poko gen yon siy bò kote otorite sanitè yo pou montre yo okouran de sitiyasyon sa a. Ki sa ki ta lakoz maladi gratèl sa a? Nou espere jwenn repons la nan men ekspè nan domèn sante yo nan jou kap vini yo.
Li enpòtan pou sinyale ke pandemi kowonaviris la toujou prezan nan peyi a dapre nòt Ministè Sante Piblik ak popilasyon pibliye. 105 nouvo ka COVID-19 ki konfime nan dat 22 janvye 2021 an nan peyi Dayiti. Sa ki bay yon total 11, 286 ka konfime, 243 moun mouri ak 8, 997 moun trete.
