
Nan yon manifestasyon opozisyon politik la te òganize kont pouvwa anplas la nan Pòtoprens mèkredi 20 janvye 2021, Senatè Nenel Cassy di “si manda l pal fini, pa Prezidan Jovenel Moise la ap bout 7 fevriye 2021 kap vini la.”
Se pou rezon sa a, plizyè patizan opozisyon an te pran lari jou inogirasyon nouvo Prezidan ameriken an Joe Biden pou voye yon mesaj dapre yo bay gouvènman ameriken pou di yo sispann sipòte rejim PHTK a sou pouvwa a ann Ayiti. Senatè Nenel Cassy ki te pale konsa pandan manifestasyon nan Pòtoprens la ta pral jwenn arestasyon l nan vil Miragwann jedi 22 janvye a pandan yon lòt manifestasyon opozisyon tap òganize.
Pòt pawòl opozisyon an, Mèt Andre Michel te kondane arestasyon an ansyen Senatè Cassy a. Mèt Andre Michel pwomèt plis mobilizasyon pou fòse prezidan Jovenel Moise demisyone. Selon enfòmasyon sou Twiiter, ,senatè Cassy te jwenn liberasyon pandan menm jou. Moun te ka wè foto kap sikile ki montre ansyen senatè opozisyon ki minote 2 bra dèye andann yon komisarya. Mèt Renold Georges, yon ansyne pwòch avoka pouvwa a, kondane arestasyon Senatè Nenel Cassy a. Li kalifye l zak la kò yon vyolasyon dwa moun. Enfòmasyon yo fè lapolis te arete ansyen senatè a sou lòd komisè gouvènman Miragwann nan.
Leave a Reply