
Prezidan eli Joe Biden pwomèt 100 milyon dòz vaksen pou konbat kovid-19 la Ozetazini pandan 100 premye jou adminstrasyon li a. Nan yon konferans deprès, pwochen prezidan ameriken an, Joe Bidem ak vis prezidan Kamala Harris prezante ekip medikal ki pral travay ak yo pou rive elimine pandemi kowonaviris la Ozetazini.
Pwomès sa a vini nan moman kowonaviris la kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon ameriken an nan plizyè eta. Pami lòt pwomès administrasyon Bide/ Harris la fè pèp la genyen rediksyon dèt etidayn inivèsite yo ak asistans pou sitwayen ameriken yo pou fè fas ak pandemi an. Prezidan eli Joe Biden di lap itilize sèvis gad nasyonal ak lòt resous zimèn nan gouvènman federal la pou ede nan kanpay vaksinasyon kont kovid-19 la.
Otortie ameriken te anvizaje vaksinen anplwaye medikal ki pi riske yo anvan apre sa moun ki gen 65ak plis pase 65 kan. 25 milyon vaksen deja distribye nan tout eta ameriken yo. Sepandan, nouvèl yo rapòte gen yon rate vaksen an Ozetazini kote gouvènè plizyè eta ap plenyen kote yap di gouvènman federal la pa respekte pwomès li fè sou kantite vaksen li te pwomèt yo. Kownavis la touye anviwon 400 mil moun Ozetazini, swa 2 milyon kreteyen vivan nan lemond.
Leave a Reply