

Premye Minis Jouthe pwomèt ke lapolis ap rive mete lòd nan peyi a ak demantle gang ame yo kap simen latwoublay toupatou. Gang ame kidnape plizyè sitwayen e mande gwo ranson moun yo pa ka peye. Rich kou pòv pa epaye anba bandi yo, yon sitiyasyon ki lage gwo kè sote menm nan dyaspora a ki renmen vin pase fèt fen dane a lakay yo, ann Ayiti.
Nouvèl yo fè kwè bandi atake e kidnape yon sitwayen ameriken nan Jeremi epi ale ak yon pitit gason li ki gen 11 zan. Yon komèsant nan Pòtoprens, Wisline Montas, toujou anba men ravisè yo ki made plis pase yon milyon dola ameriken pou liberasyon l.
Pandanstan, lokatè Primati a, bat bravo pou lapolis ki rive antre nan kè katye popilè bandi ame kontwole. Premye minis Jouthe di, “Moun pa pase chèf nan jwèt. Moun pa bay chèf defi.” Li voye yon pinga bay gwoup gang yo pou l di yo lapolis ap rive sou yo tout. Li pwomèt pou kwape bandi tout kalite, ni sa ki ak kostim ni sa ki ak sapat.
Leave a Reply