
Prezidan an te anonse nan Mèkredi ke li akòde yon “padon konplè” ansyen konseye sekirite nasyonal li a, Michael Flynn. Flynn te plede koupab 2 fwa nan 2017 paske li bay FBI manti pandan envestigasyon sou potansyèl espyonaj peyi Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la.