
Yon gwoup polisye ki rele tèt yo Fantom 509 simen latwouplay nan kapital ayisyen nan Pòtoprens vandredi 20 novanm 2020 an. Gwoup polisye sa yo ki di yap defann revandikasyon ajan PNH yo mete dife nan plizyè machin sèvis leta yo jwenn sou wout. Nan Petyon Vil, deblozay pete ant yon gwoup polisye ki tap asire sekirite tou pre komisarya ak mesye 509 yo. Erezman ensidan an pa fè viktim.
Mach polisye 509 yo vandredi 20 novanm nan se yon batèt de fe pou nouvo direktè polis la, Leon Charles ki repran tèt kòmandeman an nan yon kontèks difisil kote ensekirite kontinye ap vale teren nan peyi a ak ogmantasyon aktivite gang kap fè kidnapin e zak asasinay sou popilasyon an san bliye kondisyon difisil polis yo ap viv.
Mouvman Fantom 509 la montre aklè enstitisyon polis la ap travèse yon kriz, akote mwayen polisyen pa genyen pou fè travay yo kòm sa dwa, epi tou otorite yo pa peye yo alè. Nouvo DG PNH la nan diskou enstalasyon li pwomèt meyè kondisyon travay pou lapolis. Chèf gouvènman, an paln de premye Minins Jouteh Joseph fè kwè nan nouvo bidjè repiblik la, polis la se enstitisyon nan peyi a ki resevwa plis laja. Sa ta vle fè kwè sekirite peyi a se yon priyorite pou gouvènman Moise/ Joute ki vle rive reyalize elekson nan peyi a. Premye Minis Jouthe espere DG Leon Charles pral kapab rezoud pwoblèm sekirite a ke predesesè li Rameau Normil pat ka rezoud.
Leave a Reply