
Yon asayan antre nan yon legliz katolik nan vil Nice an Frans kote li koupe tèt yon fi e touye 2 lòt moun anba kout kouto jounen jedi 29 oktòb 2020 an. Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, kondane atak sanglan teworis la.

Prezidan Macron anonse tou deplwaman militè pou pwoteje legliz ak lekòl e an mèm tan tou ankouraje inite ant tout moun pou kapab konbat vyolans an Frans.