
Prezidan Trump pa kontajye ankò e li pa bezwen izole tèt li ankò ou byen rete an karantèn pou pa enfekte lòt moun ak Covid 19, dapre deklarasyon doktè li fè samdi swa 10 oktòb 2020 an, swa nèf jou apre lokatè Mezon Blnch te tès pozitif pou koronaviris.
“Aswè a mwen kontan rapòte ke Prezidan an satisfè kritè CDC yo pou sispann san danje nan izolasyon, COVID echantiyon PCR la demontre, li pa konsidere kòm yon risk transmisyon bay lòt moun,” Doktè Lamezon Blanch Sean Conley deklare.
Nouvèl la vini kèk èdtan apre Prezidan Trump te fin pale ak plizyè patizan li nan premye rasanbleman piblik depi li te fin teste pozitif pou koronavirus la 1 oktòb pase a.
Ekspè sante piblik yo kesyone aparisyon brit sou kou sa a apre dyagnostik prezidan an e ospitalizasyon li.
Leave a Reply