
Madi 6 ktòb 2020 an, chèf operasyon Komisarya Carrefour nan Depatman Lwès Ayiti, Angelot Verrier, mouri anba bal bandi ki te sou yon motosiklèt nan Fontamara 43.
Vitkitm nan te sou wout Pòtoprens nan machin li lè ensidan rive a. Yon ti tan aprè lanmò enspektè divizyonèl Angelot Verrier, chèf operasyon nan komisarya komin Carrefour a, yon monm yo idantifye kòm swadizan ansasen an mouri anba bal abitan nan zòn nan.
Prezime a te abò yon motosiklèt wouj e li te gen an posesyon li 2 zam, selon enfòmasyon kèk temwen.
Leave a Reply