
Joe Biden, ansyen vis prezidan pandan 2 tèm Prezidan Barack Obama sou pouvwa a isit Ozetazini, teste negatif pou covid-19, viris ki bay maladi kowonaviris la.
Mesye Biden se kandida alaprezidans Ozetazini sou banyè pati Demokrat la. Ansyen vis-prezidan Demokrat la ap batay pou pran pouvwa a nan men Prezidan Donald Trump, kandida repibliken kap chache yon lòt manda nan eleksyon novanm 2020 yo.
Pou lemoman Mesye Trump li menm ap resevwa swen nan yon lopital militè apre li te fin teste pozitif pou covid-19.
Leave a Reply