
Prezidan ameriken an Donald Trump etène nan lopital militè, Walter Reed nan Maryland tou pre Washington, akoz yon ti malèz ki gen rapò ak kowonaviris la dapre Lamezon Blanch. Premye sitwayen ameriken an te teste pozitif pou Covid 19.
Premye Dam ameriken an Melania Trump teste poztif tou pou Covid 19 men li pat akonpaye prezidan nan moman Mesye Trump tap antre nan lopital la. Prezidan Trump te rive nan lopital militè a vandredi 2 oktob 2020 an nan apre midi.
Se pou la premye fwa moun te ka wè Prezidan Trump avèk mas nan figi li e tout moun ki ta ak li te pote mas tou. Si Prezidan Trump ta gen difikilte pou l dirije peyi a, li dwe delege pouvwa a pou yon ti bout tan bay Vis-Prezidan Mike Pence dapre manman lwa peyi Etazini. Nouvèl yo fè kwè dezyèm sitwayen ameriken an, Mike Pence, teste negatif pou Covid 19.