
Prezidan ameriken an Donald Trump ak Premye dam nan Melania Trump teste pozitif pou kowonaviris e yo mete tèt yo an karantèn. Yon asisstan prezidan an ki toujou vwayaje ak li nan Air Force One nan teste pozitif tou. Nouvèl sa a ki soti lannuit jedi pou rive vandredi 2 oktòb la siprann anpil moun.
Plizyè lidè entènasyonal tankou Prezidan ris la, Vladimir Putin swete ,premye sitwayen ameriken an, bon retablisman. Premye Minis Grand Bretay la, Boris Johnson, ki limenm te pran anba covid 19 la to fè bon swè pou Prezidan Trump ak madam li. Lamezon Blanch fè konnen pou kounye a Mesye Trump ak Ms.Melania anfòm yo pa gen okenn sentom.
Leave a Reply