
Prezidn ayisyen an Jovenel Moise pwofite vizit rapè popilè ameriken Kanye West pou voye yon mesaj ankourajman bay biznis nwa ameriken yo pou vin envesti ann Ayiti.
Nan yon mesaj sou Twitter, Prezidan Jovenel Moise di, “vizit rapè popilè ameriken Kanye West se yon opòtinite pou mwen envite kominote afro-ameriken an pou patisipe plis nan divès envestisman an Ayiti. Peyi nou an se kote ideyal pou ankouraje kilti inivèsèl. Ayiti se Lafrik nan kè Amerik la.”
Prezidan Jovenel Moise te akeyi selebrite ameriken an Kanye West ki te rive ann Ayiti vandredi 25 septanm 2020 an pou yon vizit akaratè touristik nan Labadi nan Nò peyi Dayiti.