
Direktè Jeneral ai Polis Nasyonal Dayiti a, Rameau Normil, konfime bay yon medya nan Pòtoprens vandredi 25 septanm 2020 pase a ke, Ribert Normil, papa li mouri nwaye e ke yo dekouvri kadav li, nan Fort Jacques 17, komin Kenskoff, nan aswè jedi 24 septanm 2020 la.
Yo te jwenn viktim nan nan yon pisin nan domisil li nan Fort Jacques 17. Lapolis konside ka a tankou yon omisid e lanse yon ankèt, dapre premye eleman enfòmasyon ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè yo DCPJ yo ki te depeche sou sèn ensidan an.
Leave a Reply