
Sou kolè popilasyon an, 5 polisye Enpeksyon Jenreal Polis la, IGPNH, te mete nan prizon jwenn liberasyon yo. Yo te repwoche 5 polisye yo pou fot administrativ paske yo te kite sèn krim kote bandi te asasine pwojesè e prezidan Bawo Avoka Pòtoprens la, Monferrier Dorval.
Premye Minis Joseph Jouthe ki tap pale ak lapres fe konnen li la pou pwoteje polisye e yo pa dwe abize yo. Li ajoute, sepandan, si yo komet fot adminstrativ, IGPNH la pou pran saksyon kont yo. Arestasyon 5 polisye sa yo rive apre volè te antre nan kay defen Mèt Dorval la epi piye l. Se sou lod komisè gouveneman pwovizwa Potoprens la, Mèt Gabriel Ducarmel yo te kondui 5 polisye CIMO yo nan Penitansye Nasyonal.
Men apre anpil manifestasyon vyolan nan Potoprens kote anpil machin boule nan kad revandikasyon pou liberasyon 5 polisye, otorite yo deside libere yo.