
Mach etidyan fakilte Dwa ak Ekonomi yo (FDSE) ki te pwograme pou jounen jedi 10 septanm 2020 an pat rive fèt. Pandan yo te rasanble devan lokal fakilte a pou yo te kòmanse mach la, inite espesyalize polis nasyonal yo te entèvni avèk gaz lakrimojèn.
Etidyan yo ki te planifye pou yo mache rive jis devan nan Pèlerin 5, devan rezidans Pwofesè Monferrier Dorval yo pat rive fè sa a jan yo te planifye l la. Yon mouvman panik te pran chè nan zòn Channmas la, soti nan St-Honoré pou rive nan lòt pati nan vil la kote wòch tap tire.
Mèt Dorval te tonbe vandredi 28 out 2020 pase a devan lakay li anba bal bandi moun pat rive idantifye. Pou lemoman, otorite polisyè ak lajistis yo ap tande plizyè moun nan kad ankèt sa a.
Leave a Reply