
Polis Nasyonal DAyiti (PNH), prezante Mèkredi 9 septanm 2020, 4 prezime bandi yo arete nan komin nan St-Louis du Nord. Non prezime sa yo se: Bob Dorvilus, Steeve Pierre, Pierre-Richard Anistor ak Titonton. Nèg sa yo espesyalize nan vòl amen ame, vyòl ak touye moun. Nèg sa yo tap teworize popilasyon Saint-Louis du Nord a. Otorite jidisyè ak polisye di yap mache pran bandi kap lage latwoublay nan mitan popilasyon la.
Abitan nan komin Saint-Louis du Nord kontinye mande ranfòsman fòs polis nan komin nan ki konnen nan dènye jou sa yo yon ogmantasyon nan zak bandi yo. Popilasyon an mande tou pou gen plis ajan espesyalize ki depwlaye nan komin nan.
Leave a Reply