
Sekretè deta ameriken an, Mike Pompeo, di Etazini ankouraje eleksyon fèt nan peyi Dayiti. Nan yon mesaj ki afiche sou kont Twitter Depatman Deta, e moun kapab li sou Kont Twitter anbasad Etazini ann an Ayiti, gouvènman ameriken an mande otorite ayisyèn yo pou yo travay pou reyisit eleksyon yo.
Lèzetazini mande pou gen eleksyon lib e san patipri an Ayiti nan mesaj la an men tan tou ak yon klima sekirite ak lapè pou eleksyon sa yo rive fèt.
Reyalize eleksyon lib ann Ayiti rete yon defi pou pouvwa anplas la apre demisyon manm KEP yo. Jiskaprezan, egzekitif la poko ka jwenn apui lòt sektè yo nan sans sa a, kote peyi a fè fas yon fenomèn ensekirite san parèy e opozan pouvwa a kap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise.
Leave a Reply