
Otorite ayisyèn yo pran plizyè mezi pou estabilize goud la parapò ak dola a. Bank Repiblik Dayiti (BRH) enjekte, soti nan 10 out rive 30 septanm 2020, 150 milyon dola ameriken nan mache a. An mèm tan tou, anonse li enpoze sanksyon sou kèk bank nan yon konferans pou laprès. Li te enpoze penalite pou plis pase 869 milyon goud sou 2 bank komèsyal , san yo pa espesifye rezon yo: Unibank (865.4 milyon goud) ak Kapital Bank (4 milyon goud).
Chanm Komès ak Endistri Ayiti (CCIH) pibliye yon nòt pou laprès madi 8 septanm 2020 an kote li mande manm ak enstitisyon sektè biznis prive yo respekte mezi Ministè Komès ki egzije operatè ak founisè sèvis yo montre pri an goud, ki antre anvigè lendi 7 septanm lan.
Anplis, gouvènman an fè konnen, 3.7 milya goud ki soti nan Inyon Ewopeyen bay leta ayisyen posibilite pou ajiste depans li pou ane fiskal 2019-2010 la apre 4 septanm. 2020.