Prezidan ayisyen an Jovenel Moise ki tap reyaji sou zak asasinay ki fèt sou plizyè sitwayen nan Pòtoprens pami yo Pwofesè e Batonye Lòd Avoka Pòtoprens lan Mèt Monferrier Dorval, di zak sa yo pap rete enpini. E li angaje l pou l bay lapolis mwayen li bezwen pou mete men sou asasen yo.