
Nan yon mesaj sou kont Twitter l chèf leta ayisyen an Jovenel Moise di li te kontnan gen yon bèl reyinyon ak Mesye Roger M. Eugene, alyas Choubou nan Palè Nasyonal. Prezidan Moise di, “Mwen bay li yon diplòm Lòd Nasyonal pou Onè ak Merit ak Grad Ofisye pou 52 lane li dedye epi pou kontribisyon inestimab ak enfliyans li nan kilti nou an.”
Roger M. Eugene, alyas Choubou jwenn anpil apresyasyon nan men fanatik misik an Ayiti ak laetranje. Li gen yon karyè plizyè dizèn ane kòm lid vokal youn nan pi gwo djaz mizikal konpa ki se, Tabou Combo.
Leave a Reply