
Plizyè moun mouri nan yon aksidan bato ki tap soti nan bato tranpò ki ta pral sou zile Latòti. Yon bato ak yon elikoptè Gad Kot Amerike te al ede nan chache viktim yo. Yo te fè rechèch pandan tout nwit la, e jis nan demen aprèmidi dapre yon nòt Anbasad Ameriken an ann Ayiti.

Nòt la di tou, “Nou ankouraje fanmi ayisyènn yo pou yo evite bato ki ka lakòz malè sa yo” Anbasad Amerikèn prezante kondoleyans li bay tout fanmi ak zanmi ki pèdi moun nan bato ki te koule toupre Zile Latòti jou ki te 19 dawout la.

Prezidan Jovenel Moise di se avèk anapil tristès li aprann nouvèl nofraj la e li mande otorite maritim yo pou fè tout sak posib pou rekipere kò viktim yo.
Nan yon video kap sikile sou medya sosyal moun kapab wè timoun kou granmou ki neye kote yap kò yo soti nan lamè.
Leave a Reply