
Jan otorite ministè edikasyon nasyonal yo te anonse l la, lekòl yo relouvri pòt yo lendi lendi 17 out 2020 an ofisyèlman pou ane akademik 2020-2021 an. Gouvènman an mete aladispozisyon elèv yo plizyè bis Dinyite pou asire transpò elevè yo.
Otorite yo fè konnen yo ap aplike distans sosyal la menm nan otobis tranpò Dinyite yo pou evite pwopagasyon Kovid 19 la. Pandanstan, Ministè Sante Piblik fè konnen gen 19 nouvo Kovid 19 ki konfime nan dat 19 dawout 2020 an nan peyi Dayiti. Sa ki bay yon total 8,016 ka konfime, 196 moun mouri ak 5,447 moun trete.
Leave a Reply