
Operasyon Terminator PNH la atravè brigad DCPJ yo rive mete men si Anelson Bastien alyas “Izo” chèf gang 400 mawozo a.
Anelson Bastien ke yo rekonèt kòm “Izo” se youn nan manm enfliyan gang ame ki rele tèt li “Lanmò 100 jou.” Lapolis arete nan nwit la nan madi, 11 out 2020an.
Diquersne Juan Jacobo Augusto Pacanto jwenn arestasyon l tou pandan operasyon espesyal sa a ki te dirije pa inite elit ki gen ladan SWAT ak BRI ki te mobilize pou objektif sa a. Lapolis sezi yon pistolè kalib 38 ak 1,260 dola ameriken.
Leave a Reply