
Nan yon tweet ki poste sou paj Prezidan Jovenel Moise, chèf leta a di li pase enstriksyon fòmèl bay otorite konpetant yo pou kwape bandi kap simen latwoublay nan mitan popilasyon ayisyèn nan.
Prezidan Jovenel Moise tweet: ” Zak banditism kap fèt nan peyi a, atriste nou anpil. Nou bay lòd ak otorite konpetant yo pou ranfòse mezi sekirite yo e kwape koupab yo.”
Dènye zak ensekirite, ki pou anpil moun parèt endinyan, se ensidan Ganthier a kote yon manman ak tout yon ti bebe rive pèdi lavi yo anba bal bandi ki tap ransone pasasje nan yon otobis transpò piblik.

Dapre sitwayen nan zòn nan lapois absan e chofè machin kap fè wout la oblije negosye ak bandi yo. Sa ki refize yo soti viktim ak tout pasaje yo.
Leave a Reply