
Lidè Pitit Desalin nan Moise Jean Charles reponn mesye dam opozisyon yo kap di se pou Président Jovenel Moïse l’ap travay. Li di se yon politik ki kanpe sou mansonj ak vyolans yap fè. Moise di gen yon gwoup senatè nan opozisyon an ki te bay menm baz Pitit Desalin ak Lavalas 300,000 goud pou yo dechouke l lakay li.
Li di yo vin dechouke l ak kout wòch. Li di se menm yo menm nan opozisyon an. Li di nèg yo se pou biwo leta, pou ministè ak pouvwa yap batay. Moise di li menm li gen yon lot politik e li bay rezon ki fè li pa nan chita siyen akò pou tranzisyon. Moise Jean Charles gaye wòn nan yon emisyon Vision 2000 san filtè.