
24 nouvo kad nan adminstrasyon leta jwenn lèt nan men Prezidan Jovenel Moise pou al reprezante peyi a aletranje. Dapre prezidan an, youn nan nouvo kad sa a pat antre nan administrasyon leta a sou rekòmandasyon men pitou nan konkou e yo se moun ki byen kalifye.
Prezidan Jovenel Moise mansyone, ” Lotan fòk ou te gen koulè pou te reprezante Ayiti aletranje. Men fwa sa a pitit soyèt yo ap jwenn chans yo paske: Tirès la se pou pèp la.”
24 nou kad diplomasi ayisyèn yo te resevwa lèt nominasyon yo nan yon seremoni ofisyèl ki te dewoule nan Palè Nasyonal jedi 24 jiyè 2020 an.