
Ann Ayiti: Tout 8 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa yo demisyone dapre enfòmasyon biwo konsèy la pibliye. Rezon demisyon yo se pou fasilite yon rezolisyon nan kriz politik peyi a ap travèse dapre nòt la.
Tout 8 manm KEP a siyen lèt demisyon an tankou Leopold Berlanger Fils (prezidan), Carlos Hercules (vis-prezidan), Frinel Joseph (trezorye), Josette Jean Dorcely, Kenson Polynice, Lucien Jean Bernard, Marei Herolle Michel (konseye). Pouvwa egzekitif la ak klas politik opozisyon an ak sila la ki pwòch pouvwa a pouko reyaji sou demisyon an manm KEP yo.