
Nan yon tweet, Mèt Andre Michel yon manm opozisyon radkal kont pouvwa Jovenel Moise la, di otorite imigrasyon ayisyen yo konfiske dokiman vwayaj li e refize renouvle paspò l. Mèt Andre Michel kalifye aksyon imigrasyon an tankou yon ak politik e entimidasyon ki inakseptab an 2020. Li di li pap pran nan entimidasyon sila a. Li pral fè sa li dwe fè e ap gen yon egzanm ki trase nan sans sa a.
Mèt Andre Michel se youn nan avoka ki te pote plent kont pouvwa Jovenel Moise devan lajisitis pou koripsyon nan dosye Petro Caribe a. Mèt André Michel voye jete tou nouvo kòd Penal laprezidans pibliye nan Le Moniteur e li kalifye l kòd yon ak imoral Prezidan Jovenel Moïse li di ki lage timoun 15 zan nan debòch ak dwa pou moun pratike bestyalite.
Met Andre Michel te fe komantè sou demisyon Max Attys nan tèt Ministè Espò kote li di dekarasyon minis Attys a konfime patisipasyon ansyen prezidan Michel Martelly ak fanmi li nan dilapidsyon fon petro caribe a.
Leave a Reply