
Minis Komès gouvènman Jouthe/Moise la, Jonas Coffy enspekte plizyè ponp gaz nan zòm metwopolitèn nan Pòtoprens, yon fason pou asire l ke mezi leta pran yo respekte tankou pa gen rate gaz sou mache a ak pri yo pa chanje.

Desisyon minis komès la pou enspekte ponp gaz yo nan Pòtoprens vini tout suit apre yon rate gaz dyezèl sou mache a pandan semèn nan. Rate dyezèl sou mache a gen gwo enpak sou fonksyonman plizyè endistri ki itilize l pou fè motè mache.
Rate dyezèl la afekte distribisyon kouran EDH, Ektrisite Dayiti nan Pòtoprens. Minis komès Jonas Coffy ta fè kwè rate gaz la se yon fabrikasyon, yon estrateji pou bòykote leta a.
Leave a Reply