
Biwo asistans imanité USAID Haiti, anonse li pral bay yon milyon dola ameriken pou ede Ayiti konbat pandemi Kowonaviris la. Dapre yon tweet USAID, Catholic Relief Services pral geyen pou itilize lajan sa a pou fè aktivite sensibilizasyon ak prevansyon kominotè pou anviwon 116,000 moun.
Unyon Ewopeyen manifeste solidarite ak Ayiti nan kad batay peyi a ap mennen kont pandemi kowonaviris la. Vandredi 17 jiyè 2020 an, yon avyon espesyal Inyon Ewopeyèn debake nan Ayewopò Toussaint Louverture, Pòtoprens 70 tòn materyèl sanitè. Finansman acha materyèl sa yo rive fèt gras ak sipò patikilye kolektivite teritoryal ak rejyon tankou l’Il de France, La Savoie, Vil Nantes ak prefekti Martinique.
Dapre anbasadè Fransè a, José Gomez, èd Lafrans bay Ayiti pou konbat kowonaviris la evaly a 7, 5 milyon ewo. Anbasadè Gomez ajoute, “L’agence française de développement (AFD) te mete a dispozisyon sant Gheskio yon fon 1, 2 milyon ewo pou acha materyèl e pou fè fòmasyon pèsonèl.”
Peyi Lespay bay kontribisyon pal tou ak Ayiti nan kad lit kont Kovid 19 la. Dapre an basadè Espay la, Pedro José Sanz, Lespay bay Ayiti yon èd 3 milyon ewo pou konbat pandemi a.
Lamay, pami lòt peyi nan Inyon Ewop la, bay Ayiti kontribisyon pa l tou pou konbat kowonaviris la. Finansman peyi Almay yo ki evalye ak anviwon 3,5 mlyon ewo al jwenn dirèkteman OIM. Prèske mwatye nan lajan sa a pral ede konbat pwopagasyon pandemi nan Site Solèy dapre reprezantan Almay la ann Ayiti, Stefanie Kestler.
Nan kad lòt sipò ak Ayiti nan peryòd kowonaviris la, USAID lanse yon nouvo pwogram emisyon radyo Ayiti Li kap ede 36,400 elèv kontinye aprann lakay yo padan lekòl la fèmen.