
Ayiti-Jisitis: Yon komisyon prezidansyèl ap analize Nouvo Kòd Penal pouvwa egzekitif la pibliye a ke anpil moun kritike. Nan yon nòt li ekri sou kont Twitter li, Premye Minis Joseph Jouthe deklare, “Dapre enstriksyon prezidan an@ moisejovenel, mwen reyini ak komisyon prezidansyèl 2013 la ki te travay sou refòm sistèm jistis la, kote nap brase lide an pwofondè e fè deba sou nouvo kòd penal la, ki ap fè anpil pale nan sosyete a.”
Gouvènman Jouthe/Moise la antrepann demach diskisyon ak konsiltasyon sa yo apre plizyè sektè denonse kèk nouvo atik ki nan nouvo kòd penal la yo kwè ki pa fè onè ak valè ki egziste nan sosyete ayisyèn nan depi yon bon bout tan.
Leave a Reply