
Biwo kowòdinasyon lapress ak relasyon piblik Direksyon General Lapolis National la fè konnen Brigad Lit Kont Trafik Drog (BLTS) sezi apeprè 45 kilogram mariwana, dimanch 21 jwen an, nan zòn Aken ki twouve l nan pati sid peyi D’Ayiti.
Dekouvèt drog sa te rive fèt pandan ajan yo te intèsepte yon machin mak isuzu ki gen plak imatrikilasyon TP 72 367. Ajan yo te fouye machin lan e yo te dekouvri drog yo ki te andann sak chabon yo ke yo ta p pote Pòtoprens. Sitwayèn Ena Dérasmé, ki gen 40 an, jwen arestasyon l nan kad dosye sa.