Kantite moun ki enefekte ak maladi KOvid 19 la kontinye ogmante. Sa ki bay yon total 4688 ka konfime ak 82 moun ki mouri dapre yon not ministe Sant Piblik ak Popilasyon ann Ayiti pibliye sou kont Twitter li.
Gouvenman Moise/ Jouthe te anonse nan jou pase yo ke “Leta avèk sipò sektè prive a pare poul enstale nan tout peyi a 17 jeneratè oksijèn.” Dapre chef leta a, Jovenel Moise, bagay sa a se yon “Bòn nouvèl” paske tout depatman yo pral ka pwodui pwòp oksijèn pa yo.
Prezidan Moise di yo komande 2500 boutèy oksijèn vid. Li fini pou di, ” Gen 2500 regilatè pou fè boutèy yo mache.” Demach sa a, dapre chef leta a, antre nan kad “Wòl nou se sèvi pèp la.”

Ayiti: Tè a Tranble Ankò ak Anpil Replik; Bilan Pasyèl: 2 Mò ak Plizyè Blese
Ayiti: Yon lòt jou eseptyonèl ak anviwon 36 replik tranblemande tè nan sid peyi Dayiti. Yon tranblemandtè ki mezire a 5.3 frape depatman Nip peyi Dayiti lendi 24 janvye 2022 an. Bilan an, 2 moun pou pi piti mouri plizyè lòt ap pran swen lopital apre yo te soti blese. Sepandan jewològ yo poko diContinue reading “Ayiti: Tè a Tranble Ankò ak Anpil Replik; Bilan Pasyèl: 2 Mò ak Plizyè Blese”
Gwo Kout Kòb Bay pou Odisyon Siwo Myèl nan Ankèt sou Asasina Prezidan Jovenel Moise la
Mèt Newton Saint Juste ale nan menm sans ak 2èm rapò RNDDH la sou asasina Prezidan Jovenel Moise la kote yo kontinye denonse koripsyon nan sistèm jistis ayisyen an. Yo fè konnen gen gwo kout kòb ke plizyè prezime sispèk ta bay pou benefisye odisyon ladoudous nan kabinè jij enstrisyon ki tap mennen ankèt souContinue reading “Gwo Kout Kòb Bay pou Odisyon Siwo Myèl nan Ankèt sou Asasina Prezidan Jovenel Moise la”
Ki Kote ou Kanpe nan Lit Dwa Sivil la?
Wekenn samdi 15 janvye pou rive lendi 17 janvye 2022 a se anivèsè Reveran Dr. Martin Luther King Junior, lidè chanpyon lit dwa moun Ozetazini. Nan okazyon an plizyè sitwayen nan tout eta Ozetazini òganize mach pasifik pou reklame dwa vòt pou tout moun ak plis lòt dwa sivil. Prezidan ameriken an Joe Biden di nanContinue reading “Ki Kote ou Kanpe nan Lit Dwa Sivil la?”