Ayiti: Tè a Tranble Ankò ak Anpil Replik; Bilan Pasyèl: 2 Mò ak Plizyè Blese

Ayiti: Yon lòt jou eseptyonèl ak anviwon 36 replik tranblemande tè nan sid peyi Dayiti. Yon tranblemandtè  ki mezire a 5.3 frape depatman Nip peyi Dayiti lendi 24 janvye 2022 an. Bilan an, 2 moun pou pi piti mouri plizyè lòt ap pran swen lopital apre yo te soti blese. Sepandan jewològ yo poko di ki sa ki lakoz tè a sekwe ankò nan sid peyi a.

Li pafasil pou detèmine koz tranplemantè a dapre Enjenyè Claude Prépetit . Espesyalis nan jewoloji a konseye lekòl yo pou edike timoun yo pa egzanp pou yo konprann fenomòn tranblemadtè a yon fason pou evite panik pasek anpil fwa se nan pran kouri pandan tranblemandtè a moun plis vitkim. Abitan nan zòn nò peyi a di yo santi replik tranblemandetè a tou pandan jounen 25 janvye 2022 a.  Anviwon yon 100tèn kay dedomaje dapre temwen. Boko gen yon bilan definitf sou dega tranblenmandtè. 14 out 31 desanm 2021 pase a te ge anpil replik apre tranblemandetè ki te sakaje gran sid peyi a kote plizyè santèn moun te pèdi lavi yo.

Gwo Kout Kòb Bay pou Odisyon Siwo Myèl nan Ankèt sou Asasina Prezidan Jovenel Moise la

Mèt Newton Saint Juste ale nan menm sans ak 2èm rapò RNDDH la sou asasina Prezidan Jovenel Moise la kote yo kontinye denonse koripsyon nan sistèm jistis ayisyen an. Yo fè konnen gen gwo kout kòb ke plizyè prezime sispèk ta bay pou benefisye odisyon ladoudous nan kabinè jij enstrisyon ki tap mennen ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la.

Mèt Saint Juste di grefye kap travay ak jij enstriksyon Garry Orelien sou ankèt la leve yon gwo men sòl. Mèt Newton Saint Juste, avoka leta ayisyen ki tap defann gouvènman Jovenel Moise la nan litij li ak konpayi SOGENER nan yon zafè kouran EDH, di lajistis ayisyèn parèt lèd anpil nan ankèt sou asasina chèf deta Ayiti a kote lemond antye entèrese nan konnen kilès ki otè entèlektyèl gwo krim sa a. Mèt Saint Juste fè deklarasyon sa a pandan li tap patisipe nan yon emisyon sou Radio Scoop FM nan Pòtoprens.

Klike sou video a pou plis detay:

Ki Kote ou Kanpe nan Lit Dwa Sivil la?

Wekenn samdi 15 janvye pou rive lendi 17 janvye 2022 a se anivèsè Reveran Dr. Martin Luther King Junior, lidè chanpyon lit dwa moun Ozetazini. Nan okazyon an plizyè sitwayen nan tout eta Ozetazini òganize mach pasifik pou reklame dwa vòt pou tout moun ak plis lòt dwa sivil.

Prezidan ameriken an Joe Biden di nan yon video, “Ameriken dwe kontinye lit la pou fini travay Dr. Martin Luther King Junior te kòmanse a, pou gen plis djòb, jistis, pwoteksyon ki se dwa sakre pou tout moun, dwa ki soti nan tout lòt dwa,”

“Li lè tou pou chak grenn eli ameriken nou yo montre ki kote yo kanpe nan lit la. Li lè pou tout ameriken kanpe, pale e fè yo tande vwa yo. Ki kote ou kape?” Prezidan Biden di.

Lidè majorite nan Sena ameriken an, Chuck Schumer, lanse yon apèl madi pase a pou mande yon lejislasyon kap bay plis aksè pou moun vote pa lapòs ak vote avan jou vòt la bonè nan mwa novanm eleksyon yo, rann sipèvizyon federal yo pi janm nan eta ki gen istwa diskriminasyon rasyal ak mete kontwòl sou finansman kanpay elektotoral yo.

Sipòtè Demokrat yo di lejislasyon an dwe ranvèse limit nan dwa de vòt nan 19 eta Repibliken yo kontwole kote kritik yo montre li difisil pou minorite ak moun ki malere vote nan eleksyon yo. Sepandan, Repibliken yo fè kwè lejislasyon Demokrat yo ap pale a se yo bagay yap pwofite pandan yo an majorite nan 2 chanm yo. Repibliken yo kwè sistèm elektoral la dwe yon bagay ke chak eta kontwole selon pwòp kapasite yo. 

Lejislasyon pou plis dwa vòt ke Demokrat yo ap chache a gen anpil chans pou l pa pase nan Sena a akoz Senatè Kyrsten Sinema ak Joe Manchin ki pa vle vote an favè lwa a san patisipasyon kèk kòlèg Repibliken. Yo an vafè pou lejislasyon an pase ak yon majorite 60 senatè nan tou 2 kan yo.

Ariel Henry Rejte Tout Manèv pou Mete yon Prezidan nan Palè a Avan Eleksyon

Premye minis defako Ayiti a, Dr. Ariel Henry montre li pa nan danse kole ak okenn akò politk ki vize mete yon gouvènman bisefal, 2 tèt, yon prezidan pwovizwa ak yon premye minis avan eleksyon jeneral nan peyi a. Nan yon deklarasyon P.M Ariel Henry fè sou kont Twitter l, li di klèman ke pap gen yon prezidan ann Ayiti avan eleksyon. P. M. Henry di, ” Jan nou toujou di l la, pwochen lokatè Palè Nasyonal la ap yon prezidan eli nan pwochen eleksyon lib e demokratik ke majorite pèp la ap chwazi, “fend sitasyon.

Premye minis ayisyen an fè deklarasyon sa a lendi 17 janvye 2022 a, swa yon jou apre yon gwoup ayisyen nan kominote ayisyèn nan Ozetazini te reyini nan Baton Wouj, Luizyana kote yo chwazi Frizt Jean kòm nouvo prezidan pwovizwa ayisyen an. Gwoup ayisyen sa yo pa di kote yo soti ak lide sa a. Sepandan ati byen koni King Kino ki tap reyaji montre se yon gwoup moun sivilize ki òganize yon somè yo rele ” Somè De Linite” kote yo analize tout pwopozisyon pou rezoud kriz politik la gwoup nan ke sosyete sivil yo ak diferan aktè politk ann Ayiti te metesou tab negosyasyon yo.

Apre analiz pwopozisyon sa yo you gwoup delege somè a, pran yon desizyon awiklo ki vle di pòt fèmen, epi chwazi Frizt Jean kòm nouvo premye minis ki pral dirije yon nouvo gouvènman tranzisyon ann Ayiti pou fè eleksyon jeneral nan peyi a. Anpil moun sonse Frizt Jean, an fevriey 2016, kòm premye minis desinye ke prezidan pwovizwa Jocelerme Privet te chwazi men ki pat jwenn aval 50èm lejislati a pou te dirije gouvènman ayisyen an.

Texas, Tout Moun Ki Te ann Otaj nan Tanp Jwif la Soti Sen-e-Sof Gras ak Entèvansyon Lapolis

Samdi 15 janvye 2022, yon endividi ame antre nan yon tanp jwif nan Texas, Dallas-Fort Worth, kote moun tap priye epi pran 4 moun an otaj. Lapolis te fè yon entèvansyon, apre 11 zèd tan rive penetre anndan tanp lan epi libere otaj yo san youn nan yo pa soti blese. Endividi ame a mouri tèt nwè nan lese frape ak lapolis. Li se sèl moun ki viktim move zak sa li te poze a. Chèf polis Colleyville la, Michael Miller konfime nouvèl la. Toutfwa, sitiyasyon sa a lage gwo kè sote nan mitan kominote jwif la nan Texas.

Prezidan Joe Biden ki tap reyaji di, ” Banm di sa klè, nenpòt moun ki gen lide ekstremis ak ki ta vle itilize vyolans pou eksprime rayiman kont jwif, depi yo eseye yap jwenn ak zo grann yo. Prezidan Biden fini pou l di, Se konsa nou ye, e jodi a fanm ak gason nan fòs polis nou yo fè nou fyè,”fend sitasyon.

3 Sispèk Kle nan Asasina Prezidan Jovenel Moise la Anba Kòd nan Mwens Ke 2 Semèn

Ansyen Senatè John Joel Joseph, Mario Antonio Palacios Palacios, Rodolphe Jaar, youn apre lòt nan foto a, soti agoch pou rive adwat se, 3 nan prensipal sispèk nan asasina Prezidan Jovenel Moise la ke lapolis ak lajistis ann Ayiti di yap chache aktivman.

Mario Antonio Palacios Palacios te jwenn arestasyon l nan Panama nan kòmansman mwa janvye 2022 a kote li tap eseye antre nan peyi l Kolonbi apre te fin al kache nan peyi Jamayik suit ak enplikasyon nan asasina lidè ayisyen an Jovenel Moise lanuit 6 pou rive an 7 jiyè 2021 pase a. Yo te arete Rodolphe Jaar limenm nan Sendomeng kèk jou apre kote li te nan mawon. 2 mesye sa yo twouve yo nan men lajistis amerikèn pou kounye a.

Ansyen senatè John Joel Joseph jwenn arestasyon l nan Jamayik samdi 15 janvye 2022 a. Toutfwa otorite Jamayikèn yo poko di si wi ou non yap depòte l ann Ayiti oubyen yap remèt li bay otorite amerikèn yo. Jaar te mande pou yo pat voye l ann Ayiti men pito remèt li bay lajistis amerikèn. Jamayik pat dakò remèt Palacios bay Ayiti. Yo te lage misye ki tap eseye pran wout pa bwa nan peyi Panama pou l te antre lakay li Kolonbi. Maleresman pou li, polis panameyen te mete men sou li e remèt li bay FBI ki te arete l epi mennen l al jije Ozetazini. Palacios gen pou retoune devan yon jij federal nan Florid pou reponn kesyon lajistis amerikèn pou krim yo repwoche l, tankou konplo pou asasine lidè yon peyi etranje.

Madam prezidan defen an, ansyèn premyè dam Martine Moise, rejui de arestasyon 3 sispèk kle sa yo nan asasina mari l. Pitit fi prezidan defen an, Jomarlie Moise reyaji tou pou l di pito ou mize nan wout ou pote bon nouvèl. Eks-premyè dam Martine Moise di li byen kontan wè angajman entènasyonal la pran tankou Etazini, pou l ede pèp ayisyen an jwenn koupab asasina Prezidan Moise yo epi trennen yo devan lajistis.

Kongrè Ameriken an Mande yon Rapò Dankèt nan 90 Jou sou Asasina Prezidan J. Moise la

Kongrè ameriken an bay lòd pou mennen yon ankèt e fè limyè sou asasina Prezidan Jovenel Moise la. Prezidan Jovenel Moise mouri asasine nan rezidans prive l, 7 jiyè 2021 bonè nan maten lè yon gwoup mèsene kolonbyen ame antre lakay li kote yo te idantifye tèt yo kòm ajan DEA, Ajans ameriken kap konbat trafik dwòg epi krible chèf deta Ayiti ak bal. Premye dam Martine Moise te soti blese grav nan atak la.

Kongrè ameriken an vote alinanimite jedi 13 janvye 2022 a pou mande Depatman Deta mennen yon ankèt e fè limyè sou asasina brital prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Depatman Deta gen 3 mwa swa 90 jou kòm limit pou bay yon rapò dankèt detaye sou sikonstans ki entoure lanmò lidè ayisyen an.

Chanm depite yo te deja vote nan menm sans la kote yo mande pou verifye si te gen enjerans otorite ameriken nan ankèt la e si genyen nan sispèk yo ki te gen sipò Lèzetazini pou mennen aksyon malonèt sila a. Pandanstan, 2 sispèk kle nan asasina Prezidan Moise la twouve yo nan prizon Ozetazini, Mario Antonio Palacios, yon ansyen militè kolonbyne ak Rodolphe Jaar, yon komèsan ayisyen dorijin palestinyen; 2 sispèk yo avwe ke yo te patisipe nan konplo pou te asasine Prezidan Moise.

Si chèf 25 mèsenè yo, Mario Antonio Palacios Palacios, nan deklarasyon li fè konnen misyon yo pou arete prezidan an te vin chanje an asasina, Jaar li mennen fè kwè konplotè yo admèt ke yon te gen sipò Lèzetazini pou kapote Jovenel Moise sou pouvwa a. Jaar kise tou yon ansyen dilè dwòg ki te pran prizon Ozetazini, tap travay kòm yon espyon DEA. Misye te bay jounal New York Times yon entèvyou pandan l te nan mawon an desanm dènye 2021 an Ayiti; li di li te bay 130,000 dola nan kòb pou finanse konplo a.

Kongrè ameriken an mande pou Depatman Deta bay yon rapò sou koripsyon nan gouvènman ayisyen an, vyolasyom dwa zimen ak asasina nan katye Lasalin nan ane 2018 yo kote plizyè moun te pèdi lavi yo.

Asasina Prezidan J. Moise la Kontinye Fè Apil Lank Koule Pandan Ankèt la Rete Lan ann Ayiti

Si ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la sanble ap mache bwate ann Ayiti, anpil lank kontinye koule nan laprès nasyonal ak entènasyonal sou krim nan. Dènye aksyon jij kap mennen ankèt sou asasina Prezidan aysiyen Jovenel Moise la ann Ayiti pran se liberasyon 4 polisye ki te na ekip inite espesyal ki te reponsab pou pwoteje chèf deta a. Sepandan li poko janm bay enstriksyon pou DCPJ kontinye mennen ankèt la onivo lapolis.

Pandanstan, Biwo Federal Envestigasyon Amerikèn, FBI, mete anba kòd yon sispèk kre nan ankèt la, yon sèten Mario Antonio Palacios, ki tap eseye retounen lakay li nan peyi Kolonbi apre l te antranzit o Panama. Palacios te nan kache depi lè li te fin patisipe nan asasine prezidan ayisyen an, Jovenel Moise. Mario Palacios admèt ke li te se youn nan konplotè; li gen pou reparèt deja yon jij Ozetazini nan fen mwa janvye 2022 a. Si yo jwenn li koupab lap pase tout vi l nan prizon.

Tou suit apre arestasyon Palacios la, otorite nan peyi Sen Domeng anonse yo mare Rodolphe Jaar, yon boujwa ayisyen ki ta gen men l tranpe too nan asasina chèf deta ayisyen an. Jaar swete Sendomeng remèt li bay otorite amerikèn yo olye yo pimpel ann Ayiti pou vin l jije. Jaar se yon ansyen dilè dwòg ki te nan prizon Ozetazini. Apre l te fin pije pèn li te retounen ann Ayiti kote li tap travay kò espyon DEA. Anpil moun konnen li kòm yon komèsan ki konn enpòte vyan konjele soti Ozetazini pou vin vann ann Ayiti.

Dapre jounal ameriken an, New York Times, Jaar fè konnen li te kontribye finasyèman nan asasina prezidan Moise la kote li te bay $130,000 ameriken. Li te loje tou mèsenè kolonbyen yo kite vin fè krim nan. Jaar site non aktyèl direktè Jeneral polis la Frantz Elbé ke li de mete okouran de zak la kote li te mande l pou l fè l jween zam pou aksyon an. Mesye Elbé pat aksepte bal zam mentou li pat fè anyen pou anpeche konplo a fèt, dapre jounnal ameriken an New Yokr Times.

Pandan anpil medya ann Ayiti ap rapòte enfòmasyon ki pibliye nan jounal New York Times la sou deklarasyon Palacios ak Jaar sou enplikasyon kèk oktorite an fonksyon ann Ayiti nan krim nan, ansyen premye minis Evans Paul ki tap reyaji sou Radio Karayib di se pou moun fè trè atansyon sou sa kap di nan laprès konsènan non moun yap site nan asasina Prezidan Jovenel Moise la. Dapre ansyen P.M. Paul, pa gen anyen ki di ke sa mèsenè yo ak sispèk ki nan men otorite yo ap di yo se laverite. E se pa paske yon jounal entènasyonal di l epi tout moun dwe aksepte l kòm verite. Mesye Paul fini pou l di, se pou nou kite lajistis fè travay li yon fason pou limyè kabap fèt sou asasina Prezidan Jovenel la.

Eske li Legal pou yon Wo Fonksyonè Leta Resevwa yon Plak nan Men yon Wo Grade Lapolis?

Nan tout bòn fanmi sou latè beni toujou gen echanj kado lè fèt nwèl ak nouvèl lan. Granmoun bay granmoun kado; granmoun bay timoun kado. Timoun tou bay granmoun kado lè yo gen mwayen pou sa. Se lè tou moun montre apresyasyon yo genyen pou lòt moun. Tankou anpil moun obsève sa a nan yon seremoni nan Palè Nasyonal pandan salitasyon ak meyè ve yo pou fèt fen dane a 2021 pou antre nan 2022 nan Palè Nasyonal kote Chèf sekirite palè prezidansyèl la, Enspektè Jeneral Vladimir Paraison remèt Premye Minis Ariel Henry yon plak donè pou sèvis li bay nasyon an. Plizyè moun kap suiv atyalite a an Ayiti di yo pa konn wè bagay konsa. Lòt di, si se yon bèl jès menmsi yo pose kesyon pou mande, èske se yon aksyon ki legal oubyen èske se yon bagay lwa sou fonsyonman leta peyi Dayiti pèmèt?

Senatè Patrice Dumont ki tap reyaji kritike aksyon an e li di tou, règ deyontoloji lapolis la ki vle di lwa sou kreyasyon ak fonksyonman PNH la pa pèmèt yon aksyon konsa. Senatè a fè deklarasyon sa a pandan li tap patisipe nan emisyon Ranmase sou radyo Karayib samdi 8 janvye 2022 a. Lòt panelis yo pat montre yo opose ak opinyon Senatè Dumont an. Men pito apiye l.

Sepandan anpil lòt moun kwè se yon abitid oubyen yon tradisyon wo fonsyonè leta yo genyen atre yo, ann Ayiti pandan fèt fen dane yo, kote minis nan tout ministè ap voye gwo bouke flè ak gwo lòt kado byen chè bay lòt minis nan lòt ministè. Lòt obsèvatè di, kounye a li rete pou n konnen èske se yon bagay ki ta dwe fè ant fonksyonè ki nan menm nivo oubyen kilès nan 2 pwotagonis sa yo ki gen plis enfliyans sou lòt nan yerachi leta a.

Antouka, Laprimati twò kontan poste foto selebrasyon an souk kont Twitter l pou di, “Nan okasyon fèt salitasyon fen dane yo, nan non tout inite kap asire sekrite Palè Nasyonal la, ” Ensp Jeneral Vladimir Paraison desène yon plak donè bay Premye minis ayisyen an Ariel Henry pou angajman ak lespri sakrifis li pran anvè nasyon an, ” fend sitasyon.

2 Ayisyen Orijin (Madanm ak Mouche) Jwenn Arestasyon yo nan FLorid pou Zak Kidnaping

Lapolis nan Florid, Miami akize Marie ak Occius Dorsainvil, madam ak mouche kap viv nan kominote ayisyèn nan pou zak kidnaping yo fè sou yon lòt sitwayen. Dapre lapolis mesye-dam yo te mare ak chèn yon nonm andan lakay yo epi maltrete l pandan 3 jou. Yo te fòse misye benyen ak dlo frèt. E yo te di l depi li kaka sou li yap fè l manje. E si li pa manje yap tire. Se pou tèt sa viktim nan te refize manje manje kidnapè yo te bali. Paske li te pè sil twalèt pou mesye-dam yo pa fèl manje l, dapre deklarasyon viktim nan fè bay otorite lapolis yo nan Florid. Yo te pwente zam sou li epi fòse misye di li se yon adiltè.

Apre tout move tretman sa yo, kidnape yo te al lage viktim nan yon konte byen lwen. Misye te endispoze apre kidnapè yo te fin fè li bwè klowòks ak wonm aysiyen, Barbancourt. Lè viktim nan te reveye kote yo te lage l la, li te kouri al chache sekou nan men lapolis.

Lapolis nan Florid te bouske jiskaske yo jwenn Marie Dorcainvil ki gen 51 lane sou tèt li ak mari li Occius Dorsainvil ki gen 56 zan. Yo te arete yo imedyatman. Madam ak mouche sa yo anba akizasyon kidnaping ak tantativ dasasina sou yon lòt sitwayen. Yo admèt ke yo te fè zak la devan yon jij nan Florid.

%d bloggers like this: